Connect with us

Hi, what are you looking for?

Sports

Cristiano vin meyè bitè listwa koup Dewòp devan Platini

Cristiano vin meyè bitè listwa koup Dewòp devan Platini

Gras ak double li fè jodia pou premye match ekip Pòtigal la kont Ongri, Cristiano Ronaldo vini meyè bitè listwa konpetisyon koup dewòp la.

Resan chanpyon koup dewòp la depase fransè a Michel Platini nan klasman sa ki te ak 9 gòl, pòtigè a make 11 gòl pou 5 patisipasyon l nan Koup Dewòp.

Jwè Juventus laprès anonse ki sou depa, se sèl jwè nan listwa konpetisyon sa ki patisipe 5 fwa ladan l (2004, 2008, 2012, 2016. 2021) epi make pou tou lè 5 patisipasyon l yo.

An 2004 li make 2 gòl , 2008 li fè yon grenn, 2012 ak 2016 li fè 3, epi li make yon double lane sa pou premye match li.

Gras ak 2 gòl sa yo jodia, Cristiano Ronaldo bezwen sèlman 3 gòl pou egale rekò mondyal jwè ki make plis gòl ak seleksyon foutbòl peyi yo. Se yon iranyen ki rele Ali Daei ki kenbe rekò sa toujou ak 109 gòl.

Sou koulè mayo ekip Pòtigal la, Cristiano jwe 176 rankont, li make 106 gòl epi bay 31 pas gòl. Tank sitwayen an ap granmoun se tank nivo foutbòl li pa vle bese.

Cristiano vin meyè bitè listwa koup Dewòp devan Platini

Dekouvri plis:

End: Ziona Chana, sitwayen 76 lane ki gen 38 fanm, 89 timoun ak 33 pitit pitit la mouri

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Sports

Cristiano Ronaldo nominé aux côtés de 23 autres footballeurs pour la FIFA FIFPRO World 11 2023. La FIFA et la FIFPRO ont communiqué le mercredi...

Sports

Pas de Cristiano Ronaldo ni de Lionel Messi dans le onze de rêve de Karim Benzema. Le footballeur français, Karim Benzema, qui évolue actuellement...

Sports

Cristiano Ronaldo est le sportif le plus recherché sur internet entre septembre 2022 et août 2023. Le footballeur portugais Cristiano Ronaldo fait partie des...

Sports

Le transfert de Cristiano Ronaldo à Al-Nassr amène d’autres joueurs en Arabie Saoudite dont le brésilien Neymar. Arrivé en Arabie Saoudite à la fin...