Connect with us

Hi, what are you looking for?

Éducation

Dangelo Néard ak Kenley Jean-Baptiste motive elèv lise Firmin yo pou pa jwe ak tan yo

Dangelo Néard ak Kenley Jean-Baptiste motive elèv lise Firmin yo pou pa jwe ak tan yo

Nan yon konferans ki te òganize yè vandredi 14 me 2021 an, anba tèm “Jeune cultivez votre temps afin d’avoir un avenir meilleur”, elèv Lise Antenor Firmin yo te gen chans tande aktyèl direktè Bibliyotèk Nasyonal la Dangelo Néard ak ekriven Kenley Jean-Baptiste.

Nan yon sal anndan lise a ki te byen ranpli, elèv NSI, NSII, NSIII ak IV te reyini pou vin koute 2 jèn enfliyan, dinamik ki t ap pale yo de tan lè nou konnen yon tan ki pèdi pa ka ratrape.

Se te okazyon pou Kenley Jean-Baptiste ki te prezan ak tout madanm li anndan konferans sa montre jèn yo kijan yon pakèt bagay kidnape avni yo anndan peyi a, yon fason tou pou montre kontni ki gen nan pwochen liv li a ki gen pou soti nan Liv an Foli ki rele “L’avenir d’une jeunesse kidnappée”.

Nan yon anbyans bon timoun, liseyen yo te chita ap tande Mesye Jean-Baptiste ki t ap motive yo sou fason pou jere tan yo, pou pa remèt ak demen sa yo ka fè jodia, pou pa kite anyen jwe sou tan yo pou pa regle sa yo gen pou yo regle.

Pi lwen, Kenley Jean-Baptiste konseye jèn liseyen yo pou bay tèt yo misyon pou aji nan yon òd tanporèl yon fason daprè ekriven motivatè a pou tan an pa ale kite yo.

Touswit apre entèvansyon Kenley Jean-Baptiste, Epaphras Gibbs ki te moderatè anndan konferans sa te fè plas ak Dangelo Néard ki se direktè Bibliyotèk Nasyonal an menm tan tou prezantatè emisyon “Des Livres et Vous” sou chèn 22, Tele Karayib.

Mesye “Gadon bonè a” te pwofite ti tan li an pou l eksplike pakou avèk Fiminis yo, li menm tou ki se yon ansyen liseyen.

Pou motive jèn yo, li ankouraje yo panse gran, pa panse chich. Nan entèvansyon li yo, mesye Dangelo Néard montre se paske li pa t betize ak tan ki te devan l lan ki fè pi devan li benefisye yon pakèt bagay.

Konferans sa, se te okazyon pou lekòl jounalis la ISNAC ofri 30 demi bous ak elèv yo nan plizyè opsyon.

Konferans sa ekip ki te pran inisyativ pou òganize l se gwoup Metanoïa ki se yon gwoup anndan lise Firmin ki gen pou prezidan Apollos Gibbs. Gwoup sa te jwenn sipò Juno7 pou kouvèti medyatik, Best offre Création,, Fondation Jean-Baptiste.

Dangelo Néard ak Kenley Jean-Baptiste motive elèv lise Firmin yo pou pa jwe ak tan yo

Photo: Haïti Nation Originale (HNO)

Apre konferans sa, liseyen yo motive pou korije sa k pou korije, avanse pou pa kite tan ale kite yo.

Dekouvri plis:

Messi et Cristiano parmi les quatre athlètes ayant gagné au moins 100 millions de dollars en 2020

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Aktyalite AN KREYÒL

Fondasyon Jean-Baptiste nan tèt kole ak komite filo Lise Alexandre Pétion òganize yon fowòm jenès nan oditoryòm lise a yè vandredi 21 me a...

Littérature

Apre soti liv devlopman pèsonèl “7 secrets pour passer de zéro à héros”, Kenley Jean-Baptiste ki se yon jèn politològ epi jiris tou ap...

Actualités

Le directeur général Dangelo Néard a annoncé la réouverture officielle de la Bibliothèque Nationale d’Haïti (BNH) au public et l’organisation d’une série d’activités en hommage...

Culture

Inrico Dangelo Néard est installé à la tête de la BNH. L’une de ses priorités: la numérisation du fond documentaire de l’institution. Inrico Dangelo...