Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Danje ki gen nan antibiyotik fanm ap pran pou netwaye vajen

Danje ki gen nan antibiyotik fanm ap pran pou netwaye vajen

Antibiyotik se de seri de sibstans chimik ke moun konn pran pou anpeche mikwòb devlope oubyen miltipliye nan kò moun.

Gen de seri de fanm ki konn ale swa nan fanmasi oubyen achte nan men machann pwomennen antibiyotik pou netwaye vajen yo aprè yo fin gen règ yo. Yon bagay ki ka pote danje sou sante medam yo daprè doktè Kerry Norbrun ke n te fon ti pale ak li.

Selon doktè a, gen de seri de fanm ki gen konpòtman sa nan panse sa ap ede bouboun yo dekrase, y ap ka ale fè sèks pi rapid, pandan l fè konnen ke bouboun yon fi pa bezwen sa paske li netwaye pou kò l.

Nan antibyotik medam yo renmen pran an, doktè a fè konnen tout pa aji sou tout mikwòb, pandan l ajoute pou l di

“Pwoblèm ki vin gen a bwè antibiyotik san okenn egzamen, san avi medsen pou mikwòb k ap ba w pwoblèm nan ou souvan bwè yon antibyotik ki pa aji sou li, sa vin fè a fòs ke w ap plede ekspoze kò w a antibiyotik, mikwòb ki nan kò w yo vin reziste ak li”.

Pi lwen, doktè a fè konnen nan koze antibiyotik yo ap bwè a sitou pou netwaye vajen yo ka ba yo enfeksyon ki pa janm geri epi vin grav. Nan pran antibiyotik li fè konnen sa konn anpeche yo fè pitit. Li diminye chans pou yo konbat enfeksyon epi ogmante chans pou yo mouri, selon doktè Norbrun.

Pou fini, doktè Kerry Norbrun fè konnen dènye antibiyotik ki te fèt la soti an 20è syèk. Yon fason pou l eksplike pou l di ke tout antibiyotik ki sou mache yo la mikwòb yo getan reziste a pi fò nan yo pandan l di ke OMS te otomatikman deklare sa kòm pwoblèm sante piblik e wè anpil maladi kòmanse ap vale teren kounya.

Dimitry Charles

Dekouvri plis:

Milan vs Inter: 10 bagay ou dwe konnen sou istwa “Derby” sa

Plus de contenu

Société

« Plaidoyer pour un audit dans nos tribunaux et commissariats sur l’accueil des Femmes/Filles victimes d’agressions sexuelles en Haïti » Depuis des siècles, un nombre exponentiel...