Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Dèlma 48: Pwotestasyon pou egzije liberasyon doktè Hervé Chéry

Dèlma 48: Pwotestasyon pou egzije liberasyon doktè Hervé Chéry
Getting your Trinity Audio player ready...

Dèlma 48: Mouvman pwotestasyon pou egzije liberasyon doktè Hervé Chéry

Yon gwoup moun ki gen ladan yo doktè ak pasyan leve kanpe jodi jedi 19 out la pou mande liberasyon jinekològ obtetrisyen Hervé Chéry endividi kidnape madi 17 out la pandan l ap sot travay nan lopital DASH Petyonvil la.

Repòtè Juno7 te konstate kawotchou ki t ap boule pandan mouvman pwotestasyon sa. Sikilasyon an te konplètman bloke devan lopital DASH la nan moman nou t ap ekri atik la.

Lopital DASH nan yon nòt te getan deplore sa k rive a epi anonse tout 20 klinik li yo ak 8 lopital li yo fèmen depi jodi jedi a. Sof sèvis ijans ak ospitalizasyon kritik ki operasyonèl.

Doktè Hervé Chéry se yon jinekològ obtetrisyen. Nan moman yo kidnape l la se yon sezaryèn li te sot pratike nan lopital DASH Petyonvil la.

N ap raple w tou gen òtopedis Workens Alexandre k ap travay nan Bernard Mevs ki kidnape yè mèkredi a pandan l kite lakay li pou l te rann li nan lopital Bernard Mevs.

Dèlma 48: Pwotestasyon pou egzije liberasyon doktè Hervé Chéry

Dekouvri plis:

Deux médecins kidnappés alors que plus de 12 000 blessés du seisme attendent en urgence d’etre soignés

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

Getting your Trinity Audio player ready... Le journaliste et ancien Porte-parole de la Présidence Lucien Jura a été libéré ce jeudi après avoir été...

Insécurité

Getting your Trinity Audio player ready... Des individus armés ont kidnappé le Journaliste senior, Lucien Jura chez lui à Vivy Mitchell. Alors que les...

Actualités

Getting your Trinity Audio player ready... L’archevêché de Port-au-Prince confirme la libération des six religieuses via une note. Dans une note officielle envoyée à...

Insécurité

Getting your Trinity Audio player ready... Un étudiant de l’Institut National d’Administration de Gestion et des Hautes Etudes Internationales (INAGHEI) enlevé ce lundi 27...