Connect with us

Hi, what are you looking for?

Météo

Demen samdi an, tanpèt twopikal Elsa ka frape peyi a, sitou gran Sid la

Demen samdi an, tanpèt twopikal Elsa ka frape peyi a, sitou gran Sid la

Demen samdi 3 jiyè 2021 an, tanpèt twopikal Elsa ka frape peyi a, sitou gran Sid la .

Nan yon nòt ki mete deyò mitan jounen jedi 1e jiyè a, Sekretarya Pèmanan k ap Jere Risk ak Dezas (SPGRD) ansanm ak direksyon jeneral Pwoteksyon Sivil, nan tèt kole ak Inite Idwometeyowolojik an Ayiti, enfòme tout moun ke peyi a plase sou vijilans jòn akoz tanpèt twopikal Elsa k ap apwoche sou peyi a ki kapab frape sitou Gran Sid peyi a, demen samdi swa.

Selon kominike sa, senkyèm depresyon twopikal sezon an transfòme yè jedi a, an tanpèt twopikal ke yo rele Elsa.

Selon trajektwa yo prevwa li dwe fè, li ta dwe pase jodi vandredi a, sou kot Sid ti Antiy yo nan stad tanpèt twopikal avan li travèse Sid peyi a. Depatman ki konsène yo se Lwès, Nip, Sid ak Grandans.

Nan sans sa, otorite Pwoteksyon Sivil yo mande ak sitwayen yo, sitou sitwayen ki rete nan zòn ki danje yo pou rete vijilan epi aplike konsiy sekirite yo.

Konsiy yo se swiv enfòmasyon sou meteyo, inyore tout rimè, mete tout pyès ak papye enpòtan yon kote ki asire, deplase si ou rete bò ravin, kote ki konn gen deboulonay elatriye.

Kominike sa raple popilasyon an pou pa bliye pwoteje tèt yo tou kont kowonaviris la.

Demen samdi an, tanpèt twopikal Elsa ka frape peyi a, sitou gran Sid la

Dekouvri plis:

Haiti: L’essentiel de l’actualité du vendredi 2 juillet 2021

Click to comment

Laisser un commentaire

Granmoun renmen li…timoun fou pou li…se yon dirikontan!
Quand le design rencontre la performance. Il y a tant de choses à apprécier dans la toute nouvelle MG RX5, avec ses caractéristiques extérieures élégantes et sportives et son intérieur élégant et confortable.

Plus de contenu

Météo

Les Antilles menacées par un système tropical, la Direction de la Protection Civile appelle à la prudence. La Direction générale de la Protection Civile...

Météo

La météo du jour sur juno7 avec Chrisnette Saint Georges. Port-Au-Prince,Haïti.- Nous vous présentons les nouvelles pour ce Vendredi 23 septembre 2022. Voici les...

Météo

La météo du jour sur juno7 avec Chrisnette Saint Georges. Port-Au-Prince,Haïti.- Nous vous présentons les nouvelles pour ce lundi 19 septembre 2022. Voici les...

Météo

La météo du jour sur juno7 avec Chrisnette Saint Georges. Port-Au-Prince,Haïti.- Nous vous présentons les nouvelles pour ce mercredi 30 mars 2022. Voici les...