Connect with us

Hi, what are you looking for?

Politique

Demisyon Joseph Jouthe: Mèt André Michel reyaji

Demisyon Joseph Jouthe: Mèt André Michel reyaji
Photo: Ody Bien-Eugène | Juno7

Trè ta nan lannuit 13 pou louvri 14 avril la, Joseph Jouthe remèt demisyon l kòm premye minis. Kèk èd tan apre demisyon sa, mèt André Michel ki t ap entèvni jodi mèkredi 14 avril la sou Radyo Mega bay reyaksyon l sou demisyon sa.

Pou pòt pawòl Sektè Demokratik la, li fè konnen demisyon Jouthe Joseph ke l kalifye Premye Minis De Facto p ap chanje anyen nan sitiyasyon pèp la

“Pou nou menm demisyon premye minis De Facto a li p ap chanje anyen. Li p ap chanje anyen nan sitiyasyon pèp la, li p ap chanje anyen nan koripsyon k ap fèt nan Leta a, li p ap chanje anyen nan sitiyasyon ensekirite, kidnapin popilasyon an ap viv chak jou, li p ap chanje anyen nan sitiyasyon politik la”.

Pi lwen nan deklarasyon li yo, mèt André Michel reraple pou tout moun ke Sektè Demokratik la pa nan kesyon dyalòg, kowabitasyon, koze referandòm alevwa koze eleksyon ak Jovenel Moïse.

Nan sans sa, Mèt Michel mande ak popilasyon an pou kontinye ak mobilizasyon yo pou kapab fè respekte konstitisyon an.

Avoka fawouch pouvwa PHTK a te pwofite pase pran rejim sa li di ki fè 10 lane ap kraze peyi a

“Depi 10 an PHTK rive sou pouvwa a, yo kraze peyi a. PHTK se espesyalis nan kraze peyi. Apre 10 an le résultat est catastrophique, ensekirite ogmante, yo ba nou gang k ap kidnape moun, touye moun, yo konstwi G9 nan peyi a, yo kraze tout ekonomi peyi a. Se koripsyon, yo kraze lapolis, yo kraze paleman, yo kraze lajistis. PHTK a détruit le pays pendant les dix dernières années”.

Jovenel Moïse se obstak pou eleksyon

Mèt André Michel estime ke Jovenel Moïse se obstak eleksyon an. Nan sans sa, sektè opozisyon an ke André Michel fè pati a poze 4 kondisyon ki dwe reyini pou ta gen eleksyon ki se

1-Se respè atik 134-2 a ki di manda Jovenel Moïse fini.

2-Mete an plas yon nouvo KEP ki gen moun kredib ki kapab asire tout moun.

3-Sekirite ki dwe genyen. Sa vle di kraze gang yo.

4-Fòk gen yon lis elektoral fyab, kat elektoral ki bay ak tout moun ki gen laj pou vote.

Dekouri plis:

L’OEA demande à l’Etat Haïtien de traduire en justice les auteurs des massacres dans les quartiers populaires

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Aktyalite AN KREYÒL

Militan pati dèyè avoka André Michel ak plizyè lòt figi politik ki te vin asiste antèman jounalis Lilianne Pierre Paul. Antèman jounalis Lilianne Pierre...

Aktyalite AN KREYÒL

Mèt André Michel fè konnen «Malfektè» pirate kont Twitter li, li pral ak dosye a DCPJ pou konn sa k pase. Lendi maten 19...

Actualités

Le Secteur Démocratique et Populaire présente ses sympathies à la suite du décès de sa mère. Dans une note publiée ce mercredi 26 avril...

Société

Le Secteur Démocratique et Populaire (SDP) a distribué des produits alimentaires à plus de 1 000 familles dans le quartier de Carrefour Feuille. Avec...