Connect with us

Hi, what are you looking for?

Annonces

Des journalistes haïtiens dénoncent les atteintes à la liberté de la presse

Le forum Média Infos+ régroupant environ 200 journalistes à travers le pays condamne, dans une note rédigée en créole, les violences exercées, le 20 août dernier, contre les journalistes Frantz Cinéus de Radio Télé Pacific et Bobslime Fontilus de Radio Télé Ginen par des agents de sécurité du parlement haïtien.

Selon le forum, l’attaque contre ces deux journalistes renvoie à un double négation, d’une part, celle du droit à l’information consacrée par la constitution et de l’autre, la liberté inaliénable des journalistes à exercer leur profession sur toute l’étendue du territoire.

Média Infos+ rappelle qu’il a été et sera toujours intraitable en ce qui a trait au respect scrupuleux, par les uns et les autres, de la liberté de la presse en Haïti.

La teneur de la note de Média Infos+.

Média Infos+, ki se fowòm Whatsapp ki reyini anviwon 200 jounalis nan tout peyi a denonse ak tout fòs li atak entimidasyon sekirite palman ayisyen an fè, lendi 20 dawout la, sou jounalis ki akredite nan enstitisyon sa ki se youn nan pilye demokrasi a.

Média Infos+ pa rive konprann kouman ajan sekirite sa yo ki se predatè demokrasi e tout moun konnen ki entegre palman ayisyen an sou akwentans kèk palmantè, panse yo kapab fè jounalis lalwa nan yon espas ki se senbòl tolerans ak deba kontradiktwa nan respè youn pou lòt.

Lè yon gwoup moun oudimwens yon sitwayen nan palman ayisyen an deside atake ak detwi aparèy jounalis yo, sou akizasyon y ap soulve pèp la kont palmantè yo, alòske travayè laprès yo se chyen gad ak boustè pou raple epi pouse sosyete a respèkte prensip demokratik yo, se yon siy aklè ki montre w pa danse kole ak atik 28-1 konstitisyon peyi a ki bay jounalis yo dwa pou enfòme popilasyon an sou tout sa ki konsène l.

Média Infos+ ap di moun sa yo, kòporasyon an p ap, menm yon jou, kanpe ap asiste y ap detwi aki demokratik yo nan mete an aplikasyon pwojè yo gen nan djakout yo, ki se atake jounalis ak fè presyon sou yo nan lide pou anpeche yo bay verite sou movèz fonksyonman ak ajisman yo nan sosyete a.

Se pou tèt sa, aprè sa k fin pase lendi 20 dawout la, nan palman ayisyen an, Média Infos+ mande pou lajistis, san fòs kote, jije ak kondane tout sekirite militan ki te agrese jounalis yo, pandan l ap di lavi tout jounalis sou kont palman ayisyen an.

Pou fini, Média Infos+ menm jan li toujou fè l renouvle sipò l ak tout jounalis viktim yo, pandan l ap di yo rete solidè pou okenn gwoup oudimwens sitwayen pa mete baboukèt nan bouch yo ak kase plim demokrasi ki nan men yo.

Viv libète laprès !
Viv yon près lib pou yon sosyete byen enfòme !

Men ansanm moun ki siyen nòt la :

Dieudonné ST CYR, radio télé Signal.
Sophia CHERY, matin débat Radio Éclair.
Jido THÉRONÉ, Télévision 2000.
Lunie JOSEPH, radio Zénith.
Lovelie Stanley NUMA, radio Vision 2000.
Dieumaitre DESSOURCES, radio télé Mégastar.
Kettia MARCELLUS, journaliste.
Willy VICTOR, radio télé Mégastar.
Makenzy LEBLANC, UNJPH.
Anne Marguerite AUGUSTIN, TNH.
Jean Berquinze AUGUSTIN, radio tele Storm.
Baubrun Luc ALBERT, radio télé Magastar.
Isabella Levys CHERY, télé Superstar.
Frero Rene, journaliste
Pierre Lunick Revange, Radio Télé Signal
Michella Louis, Radio Télé Pacific
Guyno Duverné Radio HIT FM Cap-Haitien
Laguelson Laguerre, Radio Humanité Mirebalais/ Radio CKUT (Montréal)Canada
Marie Zulnie Mengual, Radio Télé Timoun
Edelène Vernal, radio télé Pacific
Jean Philippe Macéant, radio Mega
Romanès Samedi, radio Mega
Fédia SAMMA , RadioTélé Ginen
Stephane Eveillard , TNH
Jean Jude Dugé, RNH.
Louis Daniel, radio télé Emancipation.
Evens Regis, Le National.
Guyno Duverné ,radio HIT FM, Cap-Haitien.
Therno N. A. Senelus, Freelance.
Wisly Alberic , radio télé Mégastar.
Emmanuel NOËL , radio Télévision Caraïbes.
Michel Antoine, journaliste Vant bèf info (VBI).
Martine Isaac, journaliste Le Nouvelliste.
Jaudelet Junior Saint-Vil, crrespondant VOA / Créole.
Salomond Paul Ludjet Fenelon, journaliste radio la République Montreal.
Rénald Guerrier, journaliste radio Kiskeya.
Ritzamarum Zétrenne, journaliste Le National & Radio Télévision Pacific.
Jodel Alcidor, journal Le National.
Yvon Ceïde, journaliste reporter d’image.
Cliff Coulanges, radio Solidarité.
Edine Célestin, photojournaliste.
André Dumay Mellon, journaliste RTMS.
Jeannot ANTOINE, journaliste SCOOP FM.
Diego Charles, Lz, journaliste Vision 2000.
LAMONGE Wilbert, radio télé Méga Star.
Richard Peterson Jean, radio télé Guinen.
Marjorie Saint Claire, radio Méga.
Jean Chrisnol Prophète , radio Vision 2000.
Sanon Stephane, radio L@ Republique.
Max Dorvil journalis Et attache de Presse MSPP.
Paul Markenley Augustin, radio télévision Caraïbes.
Woody DUFFAULT, journaliste.
Maxau JOSEPH, journaliste reporter d’image.
CHENOT ROCENY, journaliste Radio Gamma FM Fort-Liberté.
Jacques Stevenson SAINT LOUIS, jounalis radio télé éducative (RTE) e reprezantan pèmanan RADIO HAÏTI PUBLICITÉ ( RHP-HAÏTI) QUEENS-USA.
Fegentz Canes Paul, radio télé Mégastar.
Hervé Délima, radioTélé Vénus, Cap-Haïtien.
Widson Dales BUTEAU, manm Rezo Enfòmasyon, journalist Alterradio.
Jean marie bonheur, Télé Métropole.

Plus de contenu