Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Dezyèm jounen grèv la kontinye paralize tout aktivite nan kapital peyi Dayiti a

Dezyèm jounen grèv la kontinye paralize tout aktivite nan kapital peyi Dayiti a

Dezyèm jounen grèv la kontinye paralize tout aktivite nan kapital peyi a daprè konsta Juno7 fè.

Jodi madi 2 fevriye 2021 an, make dezyèm jounen grèv ki te lanse pa sendika transpò APCH semèn pase a, anndan tout peyi a. Yon dezyèm jounen ki kenbe prèske menm jan ak premye jounen yè a kote tout aktivite yo paralize.

Byen bonè maten an, anpil zòn nan komin Pòtopwens tankou Kafou tifou, Lali te gen kawotchou ki t ap boule. Nan mòn Dèlma 48, yo te vide lwil sou wout la ki rann mòn 48 la glise.

Menm sitiasyon ayè yo toujou prezante maten an nan nivo Pòtay Lewogann, kote machin ki konn asire trajè kapital la ak 4 depatman ki nan gran sid la pa fonksyone.

Wout yo vrèman blanch nan kapital la ak zòn ki nan anvironl. Pa gen machin trafik, sinon kèk moto k ap fè monte desann epi moun ki apye k ap mache regle zafè yo.

Lapolis nasyonal Dayiti toujou prezan nan anpil komin menm jan sa te ye yè tankou Pòtopwens, Delma, Petyonvil, Kafou, Taba elatriye. Gen kèk grenn machin prive, repòte Juno7 yo remake tou nan lari a, sitou nan kapital la.

Fonksyonnman sektè komès fòmèl la, bank yo ak lekòl tankou inivèsite paralize. Ponp gazolin pa prèske fonksyone, menm biwo leta yo pa fonksyone. Men, prezans ti machann ak detayan toujou nan lari a ap pwomennen.

N ap raple w jounen grèv sa se pou di non ak kidnapin epi ensekirite. Grèv la jwenn sipò lidè opozisyon yo tou k ap mande pou prezidan Jovenel Moïse respè konstitisyon an epi bay talon li 7 fevriye kap vini la.

Dekouvri plis :

L’Église catholique se positionne sur le mandat constitutionnel du président Jovenel Moïse

Plus de contenu

Actualités

Trois journées de grève annoncées par les syndicats du transport en commun pendant la période des examens officiels du NS4. Les examens officiels du...

Actualités

“Operasyon fèmen peyi”: les activités sont au point mort à Port-au-Prince Ce lundi 25 octobre 2021 marque le début de l’opération ” fèmen peyi”, ...

Aktyalite AN KREYÒL

Aprè 2 jounen grèv ki te fèt lendi ak madi pase a sou direksyon sektè sendikal la , jodi mèkredi 3 fevriye a anpil...

Aktyalite AN KREYÒL

Sektè transpò sendika APCH te lanse semèn pase a 2 jounen grèv pou jodi lendi ak demen madi 2 fevrie a. Jiskounya grèv la...