Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

DJ Fanfan anonse li p ap patisipe nan aktivite prekanavalès yo

DJ Fanfan anonse li p ap patisipe nan aktivite prekanavalès yo

Nan yon kominike pou laprès ki pote siyati Frantz Mervilus ke tout moun konnen sou non DJ Fanfan, li anonse ak gran piblik la, patikilyèman fanatik li yo ke li p ap patisipe nan aktivite prekanavalès yo ke nou souvan rele “dimanch DJ”.

Anndan kominike sa, youn nan pi gwo ak pi ansyen DJ peyi a sou pakou prekanavalès yo prezante konpliman l ak kòmanditè l yo, fanatik li yo epi pwofite okazyon an pou swete yo meyè ve pou nouvèl ane a.

Pi lwen, DJ Fanfan pou montre sa k fè li pran desizyon pa patisipe ane sa nan aktivite prekanavalès yo fè konnen se akoz egzijans pou moun pote mask, koze 2 pa distans lan ki gen rapò ak koze kowonaviris lan ki pa sispann ap ogmante sou yon lòt fòm atravè lemonn sitou an Ewòp.

Fas ak tout pwoblèm sa yo, DJ Fanfan anonse ke malerezman li pran saj desizyon sa pou pa patisipe nan aktivite yo. Pandan tan sa, sou rezo a plizyè foto ap sikile ki ta montre cha Boukman ak Mass Konpa ki getan rive nan vil Pòdepè kote kanaval nasyonal la ap òganize. Yon enfòmasyon ke gwoup mizikal sa yo pa ni demanti, ni konfime.

N ap raple w dat kanaval nasyonal la se pou 14, 15 ak 16 fevriye.

Dekouvri plis:

Lapolis mete “avi rechèch” dèyè plis pase 20 chèf gang pami yo Kris-La, Ti Lapli ak Babekyou

Plus de contenu

Actualités

Dimanch 6 desann lan, nan vil Pòdepè pandan l t ap patisipe nan yon festival anndan vil sa, prezidan repiblik la, Jovenel Moïse, anonse...