Connect with us

Hi, what are you looking for?

Nécrologie

DMX mouri aprè yon “Ovèdoz”

Rapè ameriken an tout moun konnen sou non DMX mouri jodi vandredi 9 avril 2021 an, a 50 lane, apre yon semèn sou kabann lopital kote l te ospitalize pou yon kesyon ovèdoz.

Nouvèl la konfime pa fanmi rapè a ki te ospitalize nan lopital White Plains nan nò vil Nouyòk. Apre nouvèl lanmò sa, nan mwens ke 40 minit plis pase 200 mil mesaj te deja sou Twitter pou salye depa atis la ki te chante mizik a siksè sa yo tankou Where The hood at ak X Gon’give it to ya.

Atis la te gen 15 pitit epi fè yon “cure de désintoxication” an 2019 pou kesyon dwòg.

DMX gen pou bon non Earl Simmons, li debite karyè mizikal li an 1980. Li fè 8 album, dènye a se te an 2015. Li vann plis pase 30 milyon album pandan karyè li.

N ap raple w menm jodi vandredi sa, nan peyi Angletè maten an te gen yon move nouvèl ki anonse lanmò Prens Philipp ki se mari rèn Elizabeth ki mouri a 99 lane. Kèk èd tan, se nouvèl lanmò DMX ki fè sifas. Mond mizikal, espesyalman endistri mizikal ameriken an an dèy apre depa ikòn sa.

Dekouvri plis:

COVID-19: Haïti demande un autre vaccin à la place de “AstraZenaca”

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Nécrologie

Haïti : l’Association Nationale des Magistrats Haïtiens (ANAMAH) annonce le décès des Magistrats Lyonel Cherima et Michel Christophe. La magistrature haïtienne vient de perdre...

Annonces

Nous annonçons avec infiniment de peine le décès de l’ingénieur et agronome Jean-Paul Piner DUPERVAL, à la suite d’une longue maladie courageusement supportée. En...

Nécrologie

Lamery Samuel, membre du staff management de Rutshelle Guillaume, annonce le décès de la maman de l’artiste. Le staff management de Rutshelle Guillaume a...

Nécrologie

Le chanteur Claude Barzotti est mort d’un cancer à l’âge de 69 ans. Le chanteur belge d’origine italienne, Claude Barzotti, est mort à l’âge...