Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Dosye Jovenel Moïse : Jij Merlan Belabre denonse CSPJ ak pouvwa egzekitif la ki “livre l ak tout fanmiy li bay asasen ak kidnapè”

Jovenel Moïse

Dosye Jovenel Moïse: Jij enstriksyon Merlan Belabre denonse CSPJ ak pouvwa egzekitif la ki “livre l ak tout fanmiy li bay asasen ak kidnapè”

Nan yon nòt pou laprès li pibliye jounen samdi 12 mas la, Jij enstriksyon Merlan Belabre, ki dwe ankete sou zak sasinay ki fèt sou ansyen prezidan Jovenel Moïse, denonse pouvwa egzekitif la ak Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a li di ki pa pran okenn mezi pou ba li dosye a ni pou asire sekirite li ak fanmiy li.

“Mwen tou konstate pouvwa egzekitif la ak Konsèy siperyè pouvwa jidisyè a livre m bay asasen ak kidnapè aprè plis ke 10 jou, yo konfye m dosye sa a, yo pa pran ankenn dispizisyon pou yo ban mwen li fizikman e pou yo asire sekirite mwen menm ak fanmi mwen”, nou li nan nòt sila.

Si yon malè ta rive l, majistra di chay la dwe tonbe sou do otorite sila yo. “Leta ayisyen responsab tout sa k rive yon grenn cheve nan tèt mwen, nan tèt fanmi m ak nan tèt tout kolaboratè mwen”, mèt Belabre ekri.

E malgre malè ki pandye sou tèt li, mèt Belabre, ki sòti nan twazyèm pwomosyon lekòl majistrati, di li pap fè yon “pa Kita yon pa Nago paske li pa gen peyi de rechanj”.

N ap raple mèt Merlan Belabre se katriyèm Jij enstriksyon dwayen Tribinal Premye Enstans Pòtoprens, Mèt Bernard Saint-Vil, konfye ankèt sou sasinay ansyen chèf leta. Ansyen jij de pè nan vil Tigwav, majistra Belabre ap travay kounye a kòm jij e jij enstriksyon nan Tribinal Premye Enstans Pòtoprens.

Jovenel Moïse

Dekouvri plis:

Plusieurs pays ont promis au PM Ariel Henry d’aider Haïti à combattre l’insécurité

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

L’ex-sénateur John Joel Joseph condamné à la prison à vie pour l’assassinat du président Jovenel Moïse par un juge américain, Jose Martinez. John Joel...

Actualités

Joseph Felix Badio, accusé d’implication dans l’assassinat de Jovenel Moïse, arrêté par la police. Considéré comme l’un des suspects clés dans l’assassinat du président,...

Actualités

L’ancien président haïtien, Michel Joseph Martelly souhaite que la justice puisse retrouver et punir les coupables de l’assassinat de Jovenel Moïse. Après avoir répondu...

Justice

“Seule la création d’un tribunal spécial ou d’une chambre spéciale peut favoriser la réalisation d’un vrai procès autour du dossier de l’assassinat de Jovenel...