Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Drapo nou, senbòl libète nou

Drapo nou, senbòl libète nou

18 me 1803-18 me 2021, Jounen Jodi a, sa fè 218 lane depi drapo nou te kreye. Si nou tout konen ki koulè epi kisa ki ekri nan drapo sila, nou pa toujou konprann kisa li reprezante pou nou kom pèp.

Drapo Sila gen yon kokennchenn istwa ki kache dèyè l makonnen ak anpil filozofi ke nou tout ta dwe dekouvri e pataje ak jenerasyon k ap vini yo. Men tou, ke nou ta dwe pote avèk nou toupatou kote nou pase.

Aprè plis pase 2 syèk nan esklavaj, kote nou t ap travay kont volonte nou pou nou anrichi Lafrans, zansèt nou yo ak anpil lot pèsonaj brav ke listwa pa kenbe non yo te chwazi batay pou nou kapab nou menm tou pran gou libète a ki se yon dwa ke tout èt vivan genyen. Soti nan seremoni, pase nan anpwazonnman, mawonaj ak anpil lòt fòm revandikasyon ankò.

E se konsa, nan yon asanble jeneral kote chèf revolisyon sila yo te reyini, Papa Dessalin te pran drapo blan fransè yo e li chire pati ki blan an ki reprezante ras blan yo, e li bay Catherine Flon 2 lòt bout yo ki se ble ak wouj pou li koud yo ansanm. Sa ki te yon siy ke nou koupe fache ak blan fransè.

Jodi an, drapo nou pa ta dwe sèlman on bout moso twal pou nou rale monte e rale desann. Men li dwe pou nou yon senbòl libète, kouraj ak detèminasyon pou nou kontinye mennen tout loòt batay sosyetal yo epi raple nou ke nou toujou on pèp ki lib ki pa dwe aksepte viv nan nenpoòt ki kondisyon.

Si jodia nou gen anpil resous a dispozisyon nou, nan tan zansèt nou yo, li pat toujou konsa. Mwayen yo te limite anpil men gras ak bon konsyans, konviksyon ak detèminasyon nou te rive mete atè pi gwo lame nan epòk la ki t ap mache piye teritwa kote malere yo te san defans e nou te pran dwa granmoun nou sou bout tè pa nou an.

Jodi a, pandan nap bay zansèt tankou Papa Dessalin, Klè Erez, Catherine Flon ak lot yo tout merit yo, nou pa dwe bliye ke travay yo an pa t fini la. Nou gen pati pa nou pou nou fè tou pou libète sa kapab layite ko l nan panse nou e nan tout lòt domèn nan lavi sosyal, ekonomik ak politik peyi nou.

Nou lib, nou egal e nou se frè ak sè ! An nou pote kole, mete men pou nou konstwi sa ki bon pou nou e pou drapo sila ki se yon patrimwann vivan kapab toujou kenbe sans li paske, men anpil: chay pa lou !

Nou te fè l deja nou ka refè l anko!

An n pote kole, An n enplike nou .
An nou egzije sa ki ap bon pou avansman sosye nou a .

Konesans ak listwa drapo nou pa dwe fèt chak 18 me, men li dwe ankre nan nou!

Yon lòt Ayiti posib nan lanmou ak respè youn pou lòt!

#Prix Catherine Flon 2020
@Sheen-love Prévilon
@Christelle Monfiston

En savoir plus:

Miss Univers 2021: Eden Berandoive revient sans la couronne

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

Le Rassemblement des Démocrates Nationaux Progressistes (RDNP) regrette que la fête du drapeau et de l’Université ne soit l’objet d’un culte national grandiose pouvant...

Aktyalite AN KREYÒL

Yè foto drapo bikolò ayisyen an ki plase tèt anba anndan ministè touris sisite anpil kòmantè lakay entènot yo ki voye anpil pawòl piman...

Culture

La Bibliothèque nationale d’Haiti commémore le 217e anniversaire de la création du drapeau à travers une visio conférence et une série d’exposition Pour commémorer  le ...

Politique

Dans son discours lors du 217ème anniversaire de la fête du drapeau et de l’Université, Jovenel Moïse a precisé que le pouvoir ne s’obtient...