Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Egzamen 9è: Depatman Nòdwès gen to reyisit ki pi wo. Tout detay sou chif yo

Egzamen 9è: Depatman Nòdwès gen to reyisit ki pi wo. Tout detay sou chif yo

Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl nan yon kominike enfòme popilasyon an sou pousantaj reyisit chak depatman anndan peyi a nan egzamen nevyèm ane yo kote rezilta yo disponib depi 3 jou nan tout lekòl sou tout teritwa peyi a.

Selon kominike a ki disponib sou paj MENFP a, to reyisit nan nivo nasyonal la se 90,89%. Gen 179 819 timoun ki pase sou 197 845 ki te patisipe nan egzamen sa.

Depatman Nòdwès bay meyè to reyisit la avèk 97,62% kote sou 11 420 kandida gen 11 1148 ki pase. Depatman Nò vin an dezyèm avèk 95,02% epi depatman Lwès klase an twazyèm kote li bay 92,72% to reyisit. Se depatman Latibonit to reyisit la pi ba avèk 85,07%.

Sou 88,842 timoun, 82,371 pase nan Lwès (92,72%). Sant lan te gen 12,767 kandida gen 11 357 ki reyisi (88,96%). Latibonit te gen 24,352 gen 20,717 ki reyisi, ki bay yon pousantaj 85,07%.

Nòdès te gen 8,531 patisipan, gen 7 366 ki reyisi (86,34%). 8,018 t al konpoze nan Sidès, 6 876 pase (85,76%). Sid te gen 10 950 patisipan, gen 9,434 ki reyisi (86,16%). Depatman Nip te gen 6 115 elèv nan egzamen an, gen 5,607 ki pase, ki bay yon to reyisit 91,69%.

Depatman Grandans te anrejistre 6 121 kandida, gen 5 246 ki pase (85,70%). Nò te gen 20,730 patisipan, gen 19,697 ki pase (95,02%). Nòdwès ki gen pi gwo to reyisit la te anrejistre 11,420 patisipan, gen 11 148 ki pase, ki bay yon to reyisit 97,62%.

Te gen an tou 215,453 timoun ki te enkri, 197,845 te rive ale konpoze jou eprèv yo, 179 819 reyisi ki bay yon total 90,89% reyisit.

Apre piblikasyon rezilta yo, anpil moun k ap fè kòmantè di yo te atann ak sa parapò ak jan ane akademik lan te difisil kote l te fè fas ak koze peyi lòk, kovid-19, grèv pwofesè. Pou anpil moun, rezilta sa reflete men leve responsab ministè yo fè nan egzamen an kote eprèv yo te fasil pou pèmèt anpil elèv pase epi sove ane espesyal la.

Dekouvri plis:

Apre konbyen jou yon nèg ki fin sikonsi ka ale nan fanm? Iwològ Whatson Exantus t ap eksplike nou

Plus de contenu

Éducation

Le MENFP se dit satisfait du déroulement des épreuves du baccalauréat cette année. Lors d’un point de presse organisé sur la cour du collège...

Éducation

MENFP : plus de 118 000 candidats attendus au baccalauréat unique en Haïti du 31 juillet au 3 août 2023. Le ministère de l’Education...

Éducation

En moins de 36 heures, 19518 enseignants ont postulé pour intégrer la liste des personnels du bac cette année, selon Nesmy Manigat. Le processus...

Éducation

Haïti – Examens de 9eme AF: plus de 70 % de réussite dans 6 départements Le ministère de l’Éducation nationale et de la formation...