Connect with us

Hi, what are you looking for?

Éducation

Egzamen Leta nevyèm ane, ENI ak CEF demare jodia

Egzamen Leta
Getting your Trinity Audio player ready...

Egzamen Leta nevyèm ane, Ekòl Nòmal Enstititè ak Sant Edikasyon Familyal demare jodi.

Repòtè Juno7 konstate egzamen Leta pou klas nevyèm ane, pou ENI ak CEF demare jodi lendi 19 jiyè 2021 an nan tout peyi a, patikilyèman nan kapital la kote n te remake anpil timoun nan lari a.

Pou jodia, elèv 9 èm ane yo ap konpoze nan kominikasyon fransè ak syans eksperimantal. 189 568 kandida sipoze patisipe nan egzamen yo, selon Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl.

Pou lekòl Nòmal Enstititè yo(ENI), y ap konpoze jodia nan sikopedagoji. Gen 3 305 kandida nan tout peyi a pou kategori sa.

Pou Sant Edikasyon Familyal (CEF), ministè a ap ret tann 366 kandida sèlman.

Byen avan eprèv sa yo, ansyen minis edikasyon Nesmy Manigat te eksprime enkyetid li pou timoun nevyèm ane yo. Nesmy Manigat te twite pou di eta sikolojik timoun sa yo ki pral sibi egzamen yo se yon gwo enkyetid nan mitan tout twomatis peyi a. Epi konkli pou l di objektif lekòl se pa fòse lekòl reyisi egzamen yon ane men piti prepare l pou l reyisi egzamen lavi l.

Plizyè moun te rejwenn yo nan mesaj minis lan epi te  egzije ministè a pa fè egzamen paske selon yo timoun yo pa prepare pou sa.

Egzamen Leta

Dekouvri plis:

Passation de pouvoir entre Claude Joseph et Ariel Henry le nouveau premier ministre nommé

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Éducation

Getting your Trinity Audio player ready... Le MENFP se dit satisfait du déroulement des épreuves du baccalauréat cette année. Lors d’un point de presse...

Éducation

Getting your Trinity Audio player ready... MENFP : plus de 118 000 candidats attendus au baccalauréat unique en Haïti du 31 juillet au 3...

Éducation

Getting your Trinity Audio player ready... En moins de 36 heures, 19518 enseignants ont postulé pour intégrer la liste des personnels du bac cette...

Éducation

Getting your Trinity Audio player ready... Haïti – Examens de 9eme AF: plus de 70 % de réussite dans 6 départements Le ministère de...