Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

“Eh Eeeey! Woooy! Natacha di “WI” ak Ti Jo pou 29 me nan El Rancho

"Eh Eeeey! Woooy! Natacha di "WI" ak Ti Jo pou 29 me nan El Rancho

Natacha Lafontant anpil moun konnen tou sou non “Chachou Creative” kontinye ap kreye sansasyon sou rezo sosyal yo atravè lanmou li montre li degaje pou Ti Jo ak gwoup Kreyòl La.

Dam sa ki toujou revandike li se yon “zuzu” pa sispann bay entènot yo plezi atravè Live li yo sou Facebook ak IG kote li toujou ap montre lanmou li pou Ti Jo nan mizik atis la.

Lanmou an tèlman grandi, chantè gwoup Kreyòl La gade sa gran nan poste kèk videyo Natacha, fè eslogan Natacha a tou “Eh eey wooooy”. Sa ki ta pral fè Natacha prèske pèdi tèt li se dènyeman anndan yon bal Ti Jo di rele Natacha pou li epi fè eslogan madanm zuzu an pou anime foul la.

Natacha voye kado pou Ti Jo

Touswit apre sa, anndan yon Live Facebook, Natacha te tonbe amoure nèt de chantè a pandan anndan Live sa li t ap mete ti piman pou fè moun ri. Se la tou madanm zuzu an te rete Live pou montre fanatik yo sa l ap achte pou Ti Jo nan okazyon fèt chantè a. Natacha achte sentiron ak soulye Gucci ki prèske koute anviwon 2 500 dola ameriken epi voye transfè mil dola ameriken sou non Ti Jo pou jazz la manje kabrit.

Ti Jo an retou te apresye jès la

Anndan yon videyo, chantè konpa a remèsye Natacha pou jès la li konsidere ki konte pou li anpil. Epi te tou pwofite anonse l ap fè Natacha sipriz. Yon sipriz ki pa pran tan pou li vini.

Gwoup Kreyòl La anndan yon lèt ki piblik envite Chachou kòm envite donè nan fèt Ti Jo 29 me k ap vini la anndan El Rancho. Gwoup la deklare se li k ap pran an chaj biyè davyon ak chanm otèl Natacha san konte sekirite Zuzu a.

San pèdi tan Natacha di “wi wi wi” sitou depi jou yo li te getan di kè l cho li pa ka tann sipriz Ti Jo a.

Samdi 29 me sa, jaden El Rancho ap plen anpil pou vin gade Natacha kòm envite donè anndan fèt Ti Jo, yon atis li gen anpil apresiyasyon pou li ki ba l pil valè tou an retou.

Natacha se yon fanm k ap fè biznis, ki pran rezo a pou li depi kèk tan. Yon fanm ki gen yon “estime de soi” anraje epi ki pa gen okenn konplèks pou fòm li. Nan Live li yo li toujou ap remonte moral moun, pale an zuzu, bay blag, danse, pataje kòb, sa ki ba li yon bèl vizibilite sou rezo a. Eh hey! Wooooy! Pral gen zen El Rancho.

Dekouvri plis:

Référendum et élections: le premier ministre a.i Claude Joseph visite plusieurs institutions étatiques

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

Le touchant message de l’artiste Ti Joe Zenny à son ami Mikaben décédé l’année dernière. Ti Joe Zenny a écrit ce lundi 15 mai...

Culture

Le groupe Kreyòl La dévoilera bientôt “M pap Pale”, une nouvelle chanson qui décrit une réalité bien présente dans la société. Dans cinq jours,...

Actualités

Ti Joe Zenny appelle à la libération de Frédérick Dupoux, cousin de Mikaben, enlevé depuis plusieurs jours. La deuxième journée de Caribbean Culture Festival,...

Culture

“Ou fè kem poze”, Natacha Zuzu, conseillée par Reginald Cangé part à l’assaut du marché de la musique haïtienne Après Blondedy, Florence, c’est au...