Malgre tantativ pou te deranje Grenadye yo nan mitan lannuit, Seleksyon Ayiti a reponn sou teren an ak yon bèl viktwa gras ak gòl Nazon, Danley Jean Jacques ak Deedson.
Nan eliminatwa Mondyal 2026 yo, Grenadye yo fè yon gwo kou nan Managua jedi 9 oktòb 2025, lè yo kale Nikaragwa 3-0 sou teren li. Viktwa sa a rive nan yon kontèks espesyal, paske kèk èdtan anvan rankont la, jwè Ayisyen yo te leve nan mitan nwit lan akoz yon bouldozè ki t ap fè gwo bri nan lakou otèl yo te ye a. Malgre tantativ pou te deranje somèy Grenadye yo, ekip Ayiti a montre yon nivo detèminasyon ki fòmidab.
Sou teren an, se Duckens Nazon ki te reponn epi louvri eskò a ak yon gòl ki te mete Ayiti sou bon chimen. Kèk minit aprè, jèn Danley Jean Jacques ta pral make dezyèm gòl ki te bay Grenadye yo plis konfyans. Finalman, Deedson vini sele viktwa a ak yon twazyèm gòl ki fè nòt la tounen yon 3-0 san apèl.
Avèk rezilta sa a, Ayiti monte nan tèt gwoup li a ak 5 pwen, pandan y ap tann rezilta match ki ap dewoule ant Costa Rica ak Honduras. Pou koulye a, Grenadye yo kenbe premye plas la epi yo deja ap prepare pou pwochen defi yo, yon rankont enpòtan kont Honduras ki fikse pou 13 oktòb.
Grenadye yo voye yon mesaj fò : okenn mannèv, menm yon bouldozè, pa kapab brase volonte yo lè se drapo nasyonal la y ap defann.

À lire aussi:























































































