Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Endividi met dife nan kèk machin pandan mouvman 7 tou palè a

Endividi met dife nan kèk machin pandan mouvman 7 tou palè a

Endividi moun pa rive idantifye mete dife nan kèk machin ki te twouve yo nan anviwon Channmas kote mouvman 7 tou palè nasyonal la t ap fèt.

Repòtè Juno7 te remake nan zòn Avni Magny a yon pikòp blan plak sèvis Leta  05621. Kèk militan te kraze tout vit machin sa epi mete dife ladan l, yon fason pou eksprime kòlè yo.

Pi ba avni Magny a nan nivo Channmas, yon tèt kamyon pa t epanye anba men kèk militan ki mete dife ladan l tou ki te anba flanm dife.

Foul la ki te vin fè 7 tou palè a te plis parapò ak premye fwa epi trè agresif tou nan konpòtman yo. Se rezon ki ta lakoz tou machin sa yo boule. Yo te akonpaye ak rara, pote pankat epi koumanse fè tou yo jan yo te prevwa fè sa.

N ap raple w 7 tou palè nasyonal la selon manb òganizatè yo se pou chase move lespri ki kenbe Jovenel Moïse epi di non ak ensekirite epi diktati yo di Jovenel Moïse ap enstore anndan peyi a.

Dekouvri plis:

Demisyon Joseph Jouthe: Mèt André Michel reyaji

1 Comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu