Connect with us

Hi, what are you looking for?

Insécurité

Enock Arismat, direktè enfòmasyon Vizyon 2000 reyaji aprè lanmò jounalis Diego Charles

Enock Arismat, direktè enfòmasyon Vizyon 2000 reyaji aprè lanmò jounalis Diego Charles

Diego Charles jounalis repòtè radyo Vizyon 2000 lan mouri nan lannuit 29 pou louvri mèkredi 30 jen, aprè endividi ame louvri kout zam sou li pandan l ap rantre devan baryè lakay li nan Kriswa, riyèl Akasya.

Enock Arismat, direktè enfòmasyon kote konfrè jounalis la t ap travay la t ap reyaji sou asasina sa pou eksplike kijan li aprann enfòmasyon sa epi dekri kiyès ki Diego Charles la.

Enock Arismat pou kòmanse te eksplike kijan li okouran kolaboratè li Diego Charles mouri. Selon direktè enfòmasyon an Vizyon 2000 lan, se bò 1 è 28 nan maten li resevwa yon apèl ki enfòme l pou di l “Marie Samuel ki se sè Diego a di m pou m di w Diego pran bal devan lakay li a Kriswa” epi di ak Arismat pou l chache plis detay sou sa.

Touswit aprè apèl sa, Enock Arismat te kòmanse mennen pwòp rechèch pa l pou li ka konfime enfo a. Sa ta pral mennen l ale sou Watsap nan kontak Diego epi wè li te an liy depi minwi 2, epi li eseye rele l twa fwa, chak tan li rele l, telefòn lan sone yon fwa epi bay son okipe, selon eksplikasyon DI Enock Arismat.

Se la tou enkyetid yo ta pral monte bò kote Enock Arismat daprè sa l di. Mesye Arismat te kontinye ak rechèch yo nan rele lapolis , yon ajan ta pral di l yo gen enfòmasyon gen 2 moun ki pran bal nan Kriswa men pa an mezi ba l plis detay pase sa paske ajan ki ale sou plas yo poko jwenn jij de pè disponib pou fè konsta legal yo . Toutfwa yo konfime l gen 2 moun nan Kriswa ki pran bal, daprè sa li ajoute.

Enock Arismat pa t kanpe ak rechèch yo… Li ta pral resevwa yon apèl yon anplwaye Vizyon 2000 ki enfòme l gen yon vwazen Diego Charles ki te pase nan radyo a vè 2 è nan maten pou konfime jounalis la mouri efektivman.

Pi lwen, Enock Arismat fè konnen pèsonèlman Diego pa t konn di l li ap sibi menas. Toutfwa, li di l pa konnen si li te konn pale ak lòt kolaboratè sou koze sa.

Pou Enock Arismat Diego Charles ki gen 33 lane se yon moun ki chaje foug, ki renmen bay blag. Yon nan pi bon repòtè radyo a, repòtè referans radyo a. Arismat fè konnen tou se yon moun ki te renmen lavi anpil, jovyal. Diego se te prensipal animatè nan sal nouvèl radyo a ak blag li yo.

Enock Arismat di tou li pa an mezi di si jounalis la mouri nan kad ensekirite jeneralize oubyen yon atak sible. Li estime se yon ankèt polisye ki ka defini sa pou limyè fèt sou krim sa. Men, li pa ekate anpil endis moun ta ka rale pou di sa se yon atak sible.

Enock Arismat kwè ke li bonè pou kesyon demach pou koze fineray. Li estime sa ap pran ti tan pou gade kilè fineray la ap fèt . Men, li fè konnen l ap pale ak manman Diego Charles epi rès fanmi an tou, se apati echanj sa yo, y ap ka avanse sou dosye yo, daprè sa l fè konnen.

Diego Charles mouri ansanm avèk militant Antoinette Duclair (Netty) ki te anime yon emisyon sou RSF. Diego ak Antoinette te gen yon medya an liy ki rele La Repiblik.

Enock Arismat, direktè enfòmasyon Vizyon 2000 reyaji aprè lanmò jounalis Diego Charles

 

Dekouvri plis:

Haiti: L’essentiel de l’actualité du mercredi 30 juin 2021

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

“Un peuple sans mémoire est un peuple sans avenir”, disait Aimé Césaire. Voici les éphémérides pour ce 29 juin 2023. 29 juin 2021: assassinat...

Actualités

Une messe de requiem à l’initiative des journalistes pour saluer la mémoire de Diégo Charles. À l’initiative de plusieurs associations de journalistes dont l’Association...

Nécrologie

Fineray jounalis Diego Charles chante nan Jeremi maten an. Antèman jounalis Diego Charles chante jodi madi 13 jiyè a nan legliz “Médaille Miraculeuse”, nan...

Actualités

La Directrice Générale de l’UNESCO, Audrey Azoulay, condamne le meurtre de Diégo Charles et des autres personnes. Audrey Azoulay, Directrice Générale de l’UNESCO depuis...