Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Enstiti Duartiano nan Repiblik Dominikèn mande pou fwontyè a toujou rete fèmen

Enstiti Duartiano nan Repiblik Dominikèn mande pou fwontyè a toujou rete fèmen
Getting your Trinity Audio player ready...

Enstiti Duartiano nan Repiblik Dominikèn mande pou fwontyè ki separe Ayiti ak Repiblik Dominikèn lan toujou rete fèmen.

Prezidan enstiti Duartiano a, Wilson Gómez Ramírez mande ak prezidan Luis Abinader epi otorite dominiken ki anchaje politik entènasyonal pou toujou kenbe fwontyè a fèmen jiskaske Ayiti estabilize avèk otorite lejitim ki pa reprezante yon danje pou souverènte peyi l, daprè sa jounal dominiken Diaro Libre rapòte yè lendi 12 jiyè a.

Dirijan enstiti Duartiano a te kontinye pou l di reyouvèti fwontyè a dwe fèt tou sou sipèvizyon ministè sante piblik dominiken ki dwe asire l kowonaviris nan zòn fwontyè a metrize, li pa reprezante yon danje pou sante dominiken yo.

Wikenn pase a yon gwoup komèsan dominiken te pwopoze ak gouvènman yo an pou relouvri fwontyè a paske yo estime ka gen yon mank manje an Ayiti parapò ak komèsan ayisyen k ap rele yo di yo machandiz yo fini.

Sou fwontyè a, li pa etonan pou pyès moun ke 90 jiska 98 % kliyan dominiken yo se ayisyen ki ale achte machandiz yo vin vann sou bout tè papa Desalin lan. Se konsa tou, Ayiti lage vant li sou kont peyi vwazen nan ale achte tout kalte pwodui epi inyore pwodiksyon pa l.

Fwontyè a fèmen depi 7 jiyè nan maten swit ak lanmò prezidan repiblik la Jovenel Moïse. Se prezidan Luis Abinader ki te pran desizyon sa, yon desizyon ki pa san konsekans kit bò kote komèsan dominiken oubyen ayisyen.

Kèk komèsan dominiken pwopoze pou fwontyè a relouvri pou evite yon "Pénurie alimentaire" an Ayiti

Credit: Diaro Libre

Dekouvri plis:

Flash: Lapolis ap chache Ansyen senatè Joseph John Joël ak 2 lòt endividi pou kesyon asasina ak tantativ asasina

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

Getting your Trinity Audio player ready... Barrière de la frontière défoncée: déçue, Wideline Pierre croit que les échanges commerciaux entre les deux pays doivent...

Actualités

Getting your Trinity Audio player ready... Jean Victor Généus s’est entretenu avec son homologue dominicain autour des incidents qui ont eu lieu sur la...

Actualités

Getting your Trinity Audio player ready... Le gouvernement dominicain lève ses restrictions sur la frontière aérienne avec Haïti après avoir ordonné l’ouverture de la...

Actualités

Getting your Trinity Audio player ready... L’Association des Industries d’Haiti (ADIH) salue la décision des citoyens de fermer la frontière avec la République Dominicaine....