Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Èske estrès ka arive pwovoke lanmò kay moun?

Èske estrès ka arive pwovoke lanmò kay moun?

Kidnapin, vòl, vyòl, asasina, prèske chak jou sosyete a fè fas ak ka sa yo, ki anpil fwa gen gwo danje sou sante moun ki vin debouche sou estrès akoz ensekirite jeneralize oubyen move nouvèl moun ap viv epi tande.

Nan sans sa, Wilcox Toyo ki se yon sikològ (konsiltan sikososyal), kwòdonatè Salon Ayisyen Sante Mantal, te f on ti pale ak nou sou sijè a.

Byen avan mesye Wilcox te rantre nan vif sijè a, li te pote eksplikasyon pou nou sou sa ki sante mantal, yon fason pou l montre ke lè yon moun an sante mantal ou santi w byen, ki diferan lè w devlope estrès lakay ou.

“Sante mantal se yon eta de byennèt ke yon moun kapab an n di reyalize tèt ou, akonpli yon travay ki pwodiktif, kontribye pozitivman nan lavi, nan kominote w, sa vle di pèmèt kominote w devlope. Fè sa ki bon, se sa ki sante mantal”, eksplike Wilcox Toyo.

Gen 2 tip estrès

Nan peyi Dayiti li difisil pou yon moun ap viv li pa gen estrès sof si ou ta deside viv an pouyanis epi w deside di anyen pa gade w ni deranje w. Men, yon moun ki sousye pa ka pa devlope estrès pou jan pwoblèm peyi sa ye la ki fè anpil moun pè nan lari, yo sispèk tankou chen ki pete legliz, toutotan yo pa lakay yo lespri yo pa anpè, ki tou vin fè moun di epi kwè ke estrès la se yon maladi. Wilcox Toyo te pote plis detay sou sa nan eksplikasyon l yo

“Estrès pa yon maladi. Estrès la kapab konsidere li menm tankou yon faktè de risk ki kapab vini alorijin de yon pakèt lòt maladi. Sa vle di yon moun ki ta estrese kapab vin devlope maladi parapò avèk estrès la”.

Pi lwen, konsiltan sikososyal la fè konnen gen bon ak move estrès pandan li te tou pwofite montre ak kèk egzanp kisa ki bon ak move estrès l ap pale a

“Tankou ou kapab pale de yon bon estrès e yon move estrès. Yon bon estrès kapab yon estrès ki vini m ap pran yon egzanp yon moun ki pral fè yon egzamen, ki sou presyon, ki santi l estrese, se pa paske l pa t prepare se paske l pa konn kisa yo pral bay, sa k pral tonbe, li sou tansyon, li estrese, se pa yon move estrès. Men, yon moun kapab devlope yon move estrès paske ou genyen de sitiyasyon ak evenman ke w pèdi kontwòl yo, ki ka vin fè ke ou santi w enpuisan, ou estrese, ofi a mezi sitiyasyon yo pa rantre nan nòmal yo ki kapab ogmante degre estrès ou a”.

Fas ak tout pwoblèm sa yo ke nou te soulve pi wo a ki ka pwovoke estrès lakay moun. Wilcox Toyo fè konnen estrès la ka pwovoke maladi sikosomatik ki gen rapò ak sichik epi somatik.

“Estrès ka genyen efè trè negatif sou sante moun. Li kapab koz ke yon moun devlope maladi e sa kapab fèt parapò ak enkapasite òganis lan pou l fè fas, pou l mete an plas de kapasite, pwosedi de defans ki efikas lòske kò a soumèt a de fòt presyon”, li te kontinye pou l di: “Sa ka vin koz estrès la vin a lorijin de yon seri de maladi ke n kapab rele de maladi sikosomatik ki gen lyen avèk sichik ak somatik. Moun lan ka gen kè l k ap vin bat fò, li ka vin devlope pwoblèm kadyak, maladi kadyovaskilè, li ka vin fè tansyon, li ka vin devlope dyabèt, fwa l ka vin fonsyone mal”.

*Estrès kapab pwovoke lanmò

Fas ak tout maladi sa yo ke Wilcox Toyo te arive mansyone pou nou, li te konfime pou nou ke wi estrès kapab rann yon moun malad epi pwovoke lanmò a

“Wi sa ka rive yon estrès rann yon moun malad ase pou ta ka rive a lanmò”

Pi lwen, pou l soutni sa l di a, Wilcox eksplike pou l di lanmò a kapab vini apre yon faz epuizman kote òganis moun lan vin epuize, sistèm moun lan vin afebli

“Pral gen sa yo rele yon faz epuizman kote ke òganis moun lan pral epuize anpil, ògàn oubyen sistèm moun lan pral afebli e pral lache priz, e lè w rive nan sitiyasyon sa yo estrès la ap kontinye sa ka antrene lamò w”.

Wilcox Toyo fè konnen malgre tout efò yon moun ta fè li p ap ka derasinen estrès la nan lavi l paske selon sa l di s on bagay ki enposib. Toutfwa li envite moun yo devlope kreyativite yo nan pa chita rete nan “procrastination” ki ta vle di remèt a demen sa w te ka fè jodia. Li konseye moun yo vizite nouvo espas, fè nouvo bagay ki diferan. Li fè konnen tou devlopman talan kapab ede yon moun a konbat estrès. Pandan l revele pou nou gen anpil edi ki montre gen rezilta ki bay nan aterapi kont estrès.

Wilcox Toyo te konkli pou l di moun yo dwe evite tande de seri nouvèl k ap sikile ki ka aji sou yo

“Fò yon moun kòmanse f on ti kanpe sou yon seri enfòmasyon ke w ap tande chak jou. Li bon pou fè nouvèl, pou konnen sa k ap pase men li movè pou yon moun fè tout yon jounen ap tande de nouvèl ki se yon bagay chokan, de mesaj chokan. Ou sou yon gwoup watsap, chak jou se bagay lanmò yo pataje, se moun ki mouri, se moun yo kidnape, se sèl sa w tande, eben se movè, sa yo ap fè ke moun yo kapab devlope plis estrès lakay yo epi redui konsiderableman kapasite de pwodiksyon yo”, konkli Wilcox Toyo.

Dekouvri plis:

Estaf Roody Roodboy reyaji apre ensidan Backyard la

Plus de contenu