Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Èske lè kapòt pete anndan medam yo, dlo sèl ak koka ka anpeche yo pa ansent oubyen koze risk sou sante yo?

Èske lè kapòt pete anndan medam yo, dlo sèl ak koka ka anpeche yo pa ansent oubyen koze risk sou sante yo?

Koze bwè dlo sèl oubyen kouri vide koka nan vajen yon fi se yon pratik moun ki nan relasyon seksyèl fè anpil lè kapòt la arive chire oubyen pete anndan fanm lan kòmkwa pou evite gwosès.

Èske pratik sa efikas? Ki risk ki ka genyen nan sa? Jèn etidyan nan medsin, Faïly Anderson Trazil ki konsakre anpil tan nan fè rechèch sou medsin prevantiv te pale ak redaksyon an sou sijè sa.

“Woy li chire bebe”, ti fraz sa fanm fè fas ak li dèfwa pou nèg la anonse yo kapòt la chire pandan relasyon an. Fenomèn sa moun souvan di se swa zouti mesye yo twò gwo ki lakoz sa. Faïly Anderson Trazil te plis ale an pwofondè pou eksplike koz la konsa

“Anpil bagay kapab lakoz kapòt pete anndan yon fi. Tankou twòp vitès, twòp fòs, e anpil fwa tou kapab se fi a ki genyen yon sechrès vajinal ki koz. Men ayiti moun yo pa vreman gade dat ekspirasyon kapot yo lè y ap achte yo m panse sa a se youn nan koz tou ki fè anpil kapòt chire nan moman ak seksyèl la”, deklare Faïly Anderson Trazil.

Èske dlo sèl oubyen koka efikas? Ki risk yo ka pwovoke?

Lè bagay sa rive patenè seksyèl yo pa fè lòt ide ke kouri fè dlo sèl bwè oubyen pran koka vide anndan vajen yo sou pretèks p ap gen twòp risk pou yo tonbe ansent. Yon pratik Faïly voye jete epi enfòme risk ki gen nan sa

“Non pratik sa pa bon. Si w bwè dlo sèl apre yon relasyon kote w sispèk ou kapab ansent, li kapab monte tansyon w paske kò a gen yon kantite sèl li ka pran… Lè w bwè dlo sèl li ale nan lestoma ou, lestoma a pa gen okenn rapò ak gwosès lan ni li pa pre òganis ki responsab gwosès yo”, eksplike etidyan an medsin lan.

Pi lwen, mesye Anderson fè konnen koze moun k ap vide koka nan vajen yo ka detwi flò vajinal la ki la pou pwoteje bouboun fi a kont tout mikwòb.

” Men pou koka a, gen moun ki itilize l pou bwè, konsa tou genyen ki itilize l pou mete nan devan yo. Pou bwè an li pa genyen okenn efè l ap fè pou ou, Men mete nan devan an li genyen yon efè negatif sou sante moun lan paske li kapab detwi flò vajinal lan”.

*Lè kapòt pete gen konprime medam yo ka pran pou sa*

Selon Faïly Anderson Trazil, gen konprime ki la pou sa, medam yo ka itilize lè yo nan relasyon epi kapòt la pete. Pakont, li dekonseye yo itilize konprime metòd kontrasepsyon sa yo pou plezi

“Genyen konprime ki la pou sa ki se yon metod kontrasepsyon. Men genyen anpil moun ki itilize l pou plezi, se yon bagay mwen pa konseye ditou. Men nan ka moun lan santi l gen risk pou l ansent epi l te ale nan relasyon kapòt lan pete li kapab bwè youn nan konprime sa yo avan 72 èd tan. Se pa yon bagay pou yon moun pran pou plezi paske li genyen yon pakèt efè segondè”.

Koze kapòt pete a pa sèlman kapab fè yon fanm ansent. Si se vre se sa ki nan tèt patenè yo lè bagay sa pwodui, men li genyen lòt risk tou tankou enfeksyon, maladi danje moun pran nan fè bagay…

Fas ak tout risk sa yo, Faïly Anderson Trazil envite moun yo gade ekspirasyon kapòt yo, asire fi an byen mouye elatriye.

“Se byen verifye dat ekspirasyon kapòt yo, yon bagay moun yo tèlman neglije. Itilize bon kapòt. Pa fè sèks brital. Asirew ke bouboun moun lan toujou mouye avan penetrasyon an (fèl vini avan) epi si pa malè kapòt lan ta pete moun lan santi genyen risk pou l ansent, avan 72 èd tan fòk li pran yon pilil kontrasepsyon ijans, Men sonje konprime sa yo pa pwoteje kont enfeksyon ak maladi moun kapab pran nan fè bagay”.

Dekouvri plis:

Wilfrid Pierre yon enspektè polis tonbe anba bal nèg ak zam jodi jedi a

Plus de contenu

Santé

‌Aprè konbyen semèn yon fanm ki fin akouche ta dwe reprann aktivite seksyèl li? Koze fè sèks aprè yon manman fin akouche konn mete...

Aktyalite AN KREYÒL

Doktè Kerry Norbrun ap eksplike ki sa ki «krèm bouboun» ki konn mete gason nan kont ak fanm yo pandan y ap fè oubyen...

Santé

Yon gason ki ejakile 21 fwa nan yon mwa gen mwens risk pou devlope kansè pwostat. Si koze ejakile sa nou rele nan langaj...

Société

Ki efè mastibasyon ka genyen lakay gason ki gen abitid fè l souvan? Koze mastisbasyon sa nou rele souvan nan langaj kreyòl la “la...