Connect with us

Hi, what are you looking for?

Société

Èske sa bon pou yon paran ap bo pitit li sou bouch?

Èske sa bon pou yon paran ap bo pitit li sou bouch?

Èske sa bon pou yon paran pran plezi plede bo pitit li sou bouch?

Anpil paran pou montre kantite lanmou yo genyen pou pitit yo lè y ap grandi, renmen pran abitid bo timoun yo sou bouch. Si pou anpil paran yo wè sa tankou yon atachman yo vle montre yo gen pou pitit yo lè yo fè jès sa, kèk espesyalis wè sa yon lòt fason yo menm

Li pa yon sekrè pou anpil moun pou n kwaze yon manman oubyen yon papa k ap bo sou tèt bouch yon pitit fi oubyen yon pitit gason ki ka nan 5, 6 mwa menm rive nan 3 jiska 4 lane. Myriam Szejer ki se yon pedosikyat an menm tan li se yon sikanalis te abòde sijè sa sou platfòm  Doctissimo epi te menm arive fè konnen jès sa yo paran yo dwe evite fè timoun yo li.

Espesyalis la plis ankouraje paran yo bo timoun yo bò bouch oubyen nan fontenn. “Mwen pa di bo yon bebe sou bouch se yon mal, chak paran fè l selon sa l santi, selon kilti l. Nan sans sa, plizyè faktè rantre an kont… anbrase yon bebe sou bouch kapab choke kad sosyal la. Lè w pa fè jès sa, ou retire tout sispisyon yon moun ta ka genyen pou panse se ensès”. 

Espesyalis la te kontinye pou l di “timoun yo konnen trè byen kòd sosyete a. Yo konnen beze sou tèt bouch pa rantre nan nòm lan. Pratik sa ak paran l ka destabilize l epi fè l kwè yo touche koze ensès la parapò ak règ sosyete a etabli”. Se rezon Myriam Szejer konseye kèlkeswa laj timoun lan paran an pa dwe ap bo l sou tèt bouch.

14 janvye pase a, ansyen foutbolè David Beckham sou paj Instagram li poste yon foto kote bouch pa l ak pa pitit fi l ki rele Harper kole. Foto sa anpil moun pa t byen wè l sou rezo a epi kritike konpòtman sa kèk entènot jije ki pa apwopriye. 

Florence Millot ki se yon sikològ pou timoun te reponn plizyè kesyon sit LeFigaro sou sijè sa. Espesyalis la fè konnen lè timoun lan remake bo sa paran l t ap fè pou li a se li menm lan l ap resevwa nan men patenè l lè l koumanse gran sa pral ebranle reprezantasyon chema familyal li. 

Madam Florence Millot ale nan menm sans ak Myriam Szejer pou l di li preferab pou paran yo pa bo timoun yo sou bouch. “Yon bo trè puisan. Se pa san rezon moun ki amoure yo konn pase plizyè èd tan ap bo. Bouch moun se yon zòn trè ewojèn ki gen yon pakèt jwisans lakay sèten moun, jwisans sa la depi lè moun sa fèt. Pou timoun yo, se apati bouch la premye sansasyon yo koumanse fleri. Nan bo timoun lan ka gen yon eksitasyon sansyèl lakay li men li pa an mezi mete yon non sou sa l resanti a”, selon pawòl sikològ Florence Millot. 

Espesyalis Myriam Szejer konseye paran yo bo ak fè kalen pou pitit yo nan lòt zòn nan kò yo pandan l te ajoute pou l di bo timoun yo sou bouch gen risk pou yo pran maladi enfektyez tankou rim, grip, gastwo enterit ak èpès.

Èske sa bon pou yon paran ap bo pitit li sou bouch?

Dekouvri plis:

Nouvèl lanmò Nègès Da atriste anpil moun rezo sosyal yo

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu