Connect with us

Hi, what are you looking for?

Monde

Etazini: Yon fotograf efase tout foto maryaj yo paske lamarye yo refize l manje nan resepsyon an

Etazini: Yon fotograf efase tout foto maryaj yo paske lamarye yo refize l manje nan resepsyon an
Getting your Trinity Audio player ready...

Etazini: Yon fotograf siprime tout foto maryaj yo paske lamarye yo pa dakò l manje nan resepsyon an.

Sit fransè FranceLive rapòte gen yon fotograf ki siprime sou kamera l tout foto maryaj li te fin fè aprè koup marye yo refize l manje pandan moman resepsyon an. Aksyon sa pase nan peyi Etazini selon sa FranceLive rapòte.

“Yo te gen yon bidjè sere, mwen aksepte fè foto pou yo pou 250 dola, sa ki pa anyen pou yon evènman k ap dire 10è tan”, se pawòl fotograf la nan jounal anglè The Independent.

Fotograf sa ki se yon amatè daprè sit France Live, te koumanse swiv Lamarye yo tout kote yo pase pou imòtalize moman yo. Lè moman resepsyon an rive, koup marye a te fè fotograf la konnen li p ap ka manje paske fòk li toujou ap fè foto epi pa gen plas ki te rezève pou li tou sou tab yo.

Fas ak sa, fotograf la ki te santi grangou a koumanse ap pike l eksplike pou l di, li mande koup marye yo yon poz 20 minit pou l ale chache bagay met nan vant li, mesye marye a te kanpe dan epi di ak misye swa li kontinye ap fè foto oubyen li kraze kite sa epi pa peye l”.

Fotograf la te santi l vekse epi te mande ak mesye marye a si sa l di yo se tout bon, li te reponn li wi, se nan moman sa fotograf la te pran kamera l epi efase tout foto li te getan pran yo. Li fè aksyon sa devan koup marye yo.

Etazini: Yon fotograf efase tout foto maryaj yo paske lamarye yo refize l manje nan resepsyon an

Dekouvri plis:

Le MCC a participé à la 14ème commémoration d’un monument historique à Savannah

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Aktyalite AN KREYÒL

Getting your Trinity Audio player ready... Tayland: yon jèn marye avan tire tèt pa l, li tiye madanm li ak 4 lòt envite ki...

Monde

Getting your Trinity Audio player ready... Un homme s’évanouit après avoir découvert qu’il payait pendant 15 ans le loyer d’une maison appartenant à sa...

Monde

Getting your Trinity Audio player ready... Nijerya: Yon fanm mande divòs paske “kòk” mari l twò gwo. Nan peyi Nijerya, Aisha Dannupawa mande mari...

Monde

Getting your Trinity Audio player ready... Grande-Bretagne: un homme de 67 ans a violé une centaine de cadavres dans un hôpital L’électricien David Fuller...