Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Etazini : Yon monm 45 lane ki tap voye zam ak katouch nan peyi d’Ayiti, plede koupab devan lajistis

Yon nonm 45 lane, nan eta Chikago nan peyi Etazini admèt nan tribinal federal eta sila ke li te eseye ilegalman ekspòte prèske de douzèn zam ak katouch nan peyi d’Ayiti, bagay sa yo t’ap soti nan yon zòn ki rele Illinois.

Nonm 45 lane a, te plede koupab pou fwod, li eseye ekspòte zam ak katouch ilegalman, li antre an kontravansyon ak lwa epi règleman peyi Etazini. Nonm lan admèt ke nan ane 2016 li te planifye pou li voye ale ilegalman 16 gwo zam, 5 fizi lachas, ak anpil minisyon.

Misye te konstwi yon bagay avèk planch epi li mete zam ak katouch yo ladan’l epi li byen kachte yo met nan yon machin , dapre yon rapo biwo federal chikago. Answit li livre yo bay yon konpayi ki jere afè kago pou pote yo Ayiti, men lapolis te gentan met lapat sou bagay sila yo epi sezi yo ki fè ke yo pat gentan anbake nan bato.

Nan yon fason, nonm lan mele konpayi ki tap transpòte bagay yo tou, paske li pat enfome yo ke te gen zam nan kagezon li an, daprè sa rapò a fè konnen.

Men bay kiyès zam ak katouch sila yo ta pral livre Ayiti ? Yon dosye n’ap swiv.


• Atik sila pibliye nan « Lang Kreyòl Ayisyen » yon fason pou selebre jounen 28 oktòb la, ki se : Jounen Entènasyonal Lang ak Kilti Kreyòl.

Plus de contenu