Connect with us

Hi, what are you looking for?

Société

Fatra tounen adrès ak dekorasyon nan kapital ayisyèn lan

Fatra tounen adrès ak dekorasyon nan kapital ayisyèn lan

Pil Fatra tounen adrès ak dekorasyon nan kapital ayisyèn lan.

Nan epòk 60 jiska lane 80, istwa rapòte yo te kalifye peyi a kòm yon paradi, “la perle des Antilles” tèlman li te bèl, se te kote moun kapab viv. Chak ane k ap pase done yo vin chanje: Ayiti vin yon kote ki fè pè, yon kote ki enstab politikman, yon kapital ki sal, yon kote ki pa menm ap fè bak ankò men ki pèdi wout pou l fè epi ki kanpe tankou ki bay yon vizaj yon bagay k ap depafini, rantre nan twou. An gwo, peyi a sal, imaj li sal nan je lòt nasyon k ap gade.

Nou vin oblije abitye ak fatra

Dènye ane yo nou fini pa abitye avèk kesyon chanje gouvènman sou konn lè moun ap chanje souvètman(kilòt, soutyen, boksè) sou yo. Nou twouve se nòmal pou Leta peyi n pa prezan nan kotidyen nou. Nou aksepte nou grangou, nou pa ka voye timoun lekòl epi deside viv sou kont Bondye bon ak mande moun. Nou dakò tout bon koze kidnapin ak ensekirite jeneralize tounen yon bagay nòmal lakay nou. Met sou sa, nou dakò viv sou fatra, nou aksepte fatra a di n bonjou, nou pa gen pwoblèm lòt nasyon wè fatra a se vwazen nou. Vil la tèlman sal, yon timoun k ap leve kounya ka mande èske Ayiti li wè la te janm pwòch?

An janvye 2018, Meri Pòtoprens te gen 14 machin yo fè l kado pou ranmase fatra

Jedi 4 janvye 2018, ansyen majistra Youri Chevry te anonse ak kè kontan meri Pòtoprens li t ap dirije epòk sa te resevwa kòm kado 14 machin pou ranmase fatra nan lari a. 14 machin sa yo te vin ajoute sou 2 kamyon konpresif peyi Taywann te fè meri a kado epòk sa.

Pandan peryòd sa, te gen yon kanpay ranmase fatra ki te anraje nan kè kapital la. Marguerite ki gen 58 lane ki abite Riyèl Vayan temwanye sa: “Wi kamyon an te konn pase souvan, m pa t konn nan difikilte pou m jete fatra jan li ye kounya a”.

Majorite kamyon meri a tonbe anpàn

Si meri Pòtoprens te gen anviwon 14 kamyon ki te konn travay chak jou epi vizib tou, jodia konsta a pa menm anpil moun ap plenyen pou koze fatra k ap monte anpil kote nan kwen kapital la ak kèk lòt zòn. 

Nan enfòmasyon redaksyon jounal la jwenn bò kote yon anplwaye meri a, li fè nou konnen gen anpil machin meri Pòtoprens ki tonbe anpàn, li pa t an mezi di rezon ki fè sa ni si gen demach k ap fèt pou remete machin sa yo kanpe.

Selon temwanyaj anplwaye sa, pou kounya gen 3 machin konpresif k ap fonksyone ki se 010, 03 ak 02 epi 2 kamyon baskil. Lè nou mande l rezon ki fè nou pa wè machin sa yo, li jistifye koze pwoblèm gaz epi pil kote yo gen pou fè pou eseye kouvri kapital ayisyèn lan.

Pwoblèm fatra a pa lèse moun nan medya a endiferan

Semèn pase a, nan yon lèt li te rann piblik, Bregard Anderson ki se animatè Kanal Mizikal sou radyo Karayib ki se DG estasyon sa tou, te montre majistra meri Pòtoprens lan jan kesyon fatra a preyokipe l. 

Yè maten nan emisyon Kisa Nou vle sou Radyo Ibo, Marie Raphaëlle Pierre ki se direktris radyo sa, pare pou l pran lajan mwa l epi achte bale, bwourèt pou netwaye zòn kote l rete. 

Aksyon sa yo se pou montre jan moun yo deranje ak kesyon fatra a.  Doktè Junot Félix sou bò pa l rete kwè yon sitwayen p ap ka rete tout tan ak bourèt epi bale pou ap ranmase fatra. Selon li,  se Leta ki dwe pran responsabilite. 

Responsabilite sa Leta pèdi l kèk tan. Jodia li fasil pou yon moun di w lè w rive nan riyèl sa, apre 2 gwo pil fatra yo ou mèt kanpe m ap vin pran w. Mouch ap fè laviwonn dede sou fatra a epi yon machann manje kwit tou prè a ap tiye vè nan vant kretyen vivan ki pa bay fatra regle anyen pou li.

Nou gen gwo pwoblèm nan koze jesyon fatra

Jodia 52 % ayisyen ap viv nan vil, 30% nan yo rete nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan, selon PNUD. Chif sa yo montre jan kapital la chaje moun. Otorite lokal yo pa an mezi kapab jere moun yo, fè jesyon fatra pou konnen jan y ap jere sa. Pa menm bezwen pale pou Leta Santral ki pa menm vrèman gen yon politik pou redui fatra.

Fatra tounen adrès ak dekorasyon nan kapital ayisyèn lan

Dekouvri plis:

Rencontre entre le DG Léon Charles et une équipe du StateINL présente en Haïti

Signature d’un accord cadre entre le MHAVE et la COODAH

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Société

« Nou pap bay fatra legen ». Derrière ce slogan se trouve une initiative citoyenne contre l’insalubrité à Puits Blain, quartier de Delmas. Ils...

Actualités

Les maires au niveau de la région métropolitaine ont adopté, le mardi 9 janvier 2018, une résolution portant sur la gestion des déchets solides....