Connect with us

Hi, what are you looking for?

Nécrologie

Fineray jounalis Diego Charles chante jodi madi a nan Jeremi

Enock Arismat, direktè enfòmasyon Vizyon 2000 reyaji aprè lanmò jounalis Diego Charles
Getting your Trinity Audio player ready...

Fineray jounalis Diego Charles chante nan Jeremi maten an.

Antèman jounalis Diego Charles chante jodi madi 13 jiyè a nan legliz “Médaille Miraculeuse”, nan Jeremi, depatman Grandans.

An prezans fanmi, zanmi, asosiyasyon jounalis nan Grandans, kòlèg ak kèk lòt moun, antèman konfrè a ki te mouri asasinen arive chante ak anpil tristès, an prezans manman l ki te enkonsolab.

Kò Diego te rive nan Jeremi dimanch pase a. Yè aprèmidi, yon veye finèb te fèt an prezans kèk moun nan fwaye kiltirèl nan vil Jeremi.

Aprè fineray la te fin chante nan vil Jeremi, fanmi Diego Charles ale nan komin Mafran ak kò a pou antere l, yon komin kote Diego Charles te pran nesans.

Antèman sa te manke prezans kèk gran figi nan près la akoz sitou jan wout sid kapital la ye depi kèk jou kote li prèske pa fasil ditou pou travèse l pou ale nan lòt depatman akoz gang ame k ap twoke kòn yo ki lakoz plizyè viktim nan mitan popilasyon an.

Diego Charles ki gen 33 lane mouri nan lannuit 29 pou louvri 30 jen, nan Kriswa, ri Akasya. Li te akonpaye ak militant Marie Antoinette Duclaire ki te resevwa plizyè katouch jou sa tou epi mouri.

Diego Charles te jounalis radyo Vizyon 2000. Li te kolabore ak medya an liy Gazette Haïti, li te kofondatè yon medya an liy ki rele Larepiblik. Li te yon manb fondatè asosiyasyon ayisyèn jounalis envestigasyon.

Enock Arismat, direktè enfòmasyon Vizyon 2000 reyaji aprè lanmò jounalis Diego Charles

En savoir plus:

Le Secteur Démocratique appelle à un dépassement de soi pour trouver un large consensus

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

Getting your Trinity Audio player ready... “Un peuple sans mémoire est un peuple sans avenir”, disait Aimé Césaire. Voici les éphémérides pour ce 29...

Société

Getting your Trinity Audio player ready... L’Association Haïtienne des Journalistes d’Investigation (AHJI) lance officiellement le « Prix Diego Charles du Journalisme d’Investigation » À...

Éphéméride

Getting your Trinity Audio player ready... Les éphémérides du jour: Les fêtes nationales, les événements importants … ce 29 juin 2022 l’agence Juno7 vous...

Actualités

Getting your Trinity Audio player ready... Yon gwo sware omaj te òganize nan memwa Marie Antoinette Duclaire tout moun konnen sou non Netty ak...