Actualités
Flach: Maradona mouri!
Published
2 months agoon

Foutbolè ajanten an ki te pote koulè ekip Naples la nan peyi Itali, Maradona mouri jodi mèkredi 25 novanm daprè sa medya nan peyi Ajantin rapòte.
Selon dènye eleman enfòmasyon yo, Diego Maradona ta mouri apre yon kè rete ke yo rele souvan nan medsin lan “arrêt cardiaque”.
Foutbolè ajanten an ki te pèmèt peyi l chanpyon mondyal an 1986 mouri a 60 tan apre l te fin fè operasyon nan tèt epi sibi plizyè operasyon ak ospitalizasyon nan vi l.
Plis enfo ap vini
Dekouvri plis:
Maradona bwè plis alkòl ke dlo, daprè deklarasyon yon ansyen fanm li
Related Topics:Diego MaradonaFeatured
Mwen se Dimitry Charles, jounalis redaktè anndan Juno7, mwen etidye kominikasyon ak jounalis, mwen fè redaksyon pwojè tou. M ap kolabore anndan Juno7 paske m vle fè yon jounalis itil

Advertisement