Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Flach: Zòn kanapevè bloke pou yon chofè kamyonèt yo kidnape

Flach: Zòn kanapevè bloke pou yon chofè kamyonèt yo kidnape

Kanapevè bloke lendi maten an kote abitan nan zòn lan melanje ak chofè moto ak kamyonèt ap mobilize pou mande liberasyon yon chofè kamyonèt yo kidnape samdi 28 novanm pase a.

Flach: Zòn kanapevè bloke pou yon chofè kamyonèt yo kidnape

Daprè eksplikasyon yon sitwayen ki t ap pale sou radyo Zénith FM, li fè konnen kidnapè yo ta mande 100 mil dola vèt pou libere chofè a. Nan sans sa, yo leve kanpe pou mande liberasyon l ke enfòmasyon revele ki rele Pastè Gary ke yo kidnape ak 2 pitit li pandan l t ap soti nan maryaj.

Selon yon repòtè Juno7 kafou bò Canado gen kawotchou k ap boule, Lali ak Boudon bloke tou. Bwa Vèna debloke men tout makadanm lan tou nwa ak kawotchou ki t ap boule ki ta bezwen prezans meri pou netwaye wout la.

N ap raple w koze kidnapin lan kontinye ap pran chè kote dènyèman yo kidnape Doktè Hans David Télémaque ki libere yè swa, te gen avan li pitit ansyen prezidan Manigat ak mizisyen gwoup String lan ki ta toujou nan men kidnapè yo, san konte plizyè lòt ki kidnape men sa pa fè bri. Yon sitiyasyon ki mete anpil sitwayen an kòlè epi kòmanse leve kanpe.

Dekouvri plis :

Doktè Hans David Télémaque libere, anpil lajwa bò kote pwòch li yo

Plus de contenu

Actualités

Un “lock-down” se dessine dans la zone métropolitaine de Port-au-Prince. Une nouvelle version de “pays lock” se dessine ce jeudi matin dans plusieurs zones...

Monde

Plus de 90 pays secoués par des protestations contre le coût du carburant en 2022 En analysant les données sur les mouvements de protestation...

Actualités

Une timide reprise du commerce et de la circulation a été observée dans les rues, toutefois certaines zones restent barricadées dans la commune de...

Actualités

4 morts et une dizaine de blessés graves dans un accident de la circulation à Canapé-Vert. Le PM Ariel Henry présente ses sympathies aux...