Actualités

Flash: gwo dife nan zòn Dèlma 33 zòn bò plas la aprè yon kamyon gaz pwopàn pran dife

Photo : Ody Bien-Eugène | Juno7

Flash: gwo dife nan zòn Dèlma 33 tou prè ti plas la  akoz yon kamyon gaz pwopàn ki pran dife.

Yon kamyon gaz pwopàn ki te vin livre gaz nan Dèlma 33 tou prè ti plas la ak randevou 33, arive pran dife jodi samdi 30 avril 2022 a, ki lakoz espas kote yo konn abitye vann gaz la boule, nan moman nou t ap ekri atik la dife a te kontinye ap gwosi daprè sa yon repòtè nou ki sou plas fè konnen. 

Kòmanse gen dega materyèl ki anrejistre pami yo 3 machin plis kamyon an ki boule daprè yon repòtè Juno7 ki sou plas . Dife sa pran anba pil fil wot tansyon tou prè plas la, ponpye ak lameri ki te rive sou plas konseye moun poko fè zòn lan akoz jan sitiyasyon an ap devlope a pou pa mete vi yo an danje.

Nou pa an mezi konnen si gen moun ki mouri. N ap tann bilan epi vini ak plis detay nan yon lòt atik.

Laisser un commentaireAnnuler la réponse.

Plus de contenu

Insécurité

Getting your Trinity Audio player ready... Des détonations puissantes ont retenti ce mardi 30 avril 2024, dans la région basse de Delmas et ses...

Politique

Getting your Trinity Audio player ready... Ce mardi 30 avril 2024, lors d’une réunion au Villa d’Accueil à Musseau pour élire un président du...

Actualités

Getting your Trinity Audio player ready... Ce mardi 30 avril 2024, toutes les dispositions sont prises pour la tenue des élections visant à élire...

Culture

Getting your Trinity Audio player ready... Le slameur haïtien Mister M 1er représentera Haïti à la Golden Poète International et à la Coupe du...

Copyright © 2017 - 2024 Groupe Juno7 , Delmas 75 Haïti Tel. 50941777777. - Tous droits réservés

Quitter la version mobile