Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Fontamara 27 ak 29, Matisan 23 ak 25 toujou bloke

Fontamara 27 ak 29, Matisan 23 ak 25 toujou bloke

Zòn Fontamara 27 ak 29, Matisan 23 ak 25 toujou bloke

Wout Nasyonal nimewo 2 a toujou bloke nan nivo Fontamara 27 ak 29 epi Matisan 23 ak 25. Mouvman mobilizasyon sa se sitwayen zòn yo ki ap fè l pou denonse akò politik ki siyen ant pouvwa a ak manb opozisyon yo samdi ki sot pase a.

Selon kèk abitan pwotestatè, akò sa pa gen anyen pou wè ak koze pèp, moun Fontamara ak Matisan p ap benefisye ladan l, se nan enterè yon ti gwoup moun.

Trelè ak bis kanpe an kwa, bis kwaze tou sou wout la, kawotchou ap boule, sikilasyon an enpratikab nan nivo rantre kapital la.

Nan moman atik la ap ekri a, sitiyasyon an toujou menm jan, se sèl moto ki gen chans franchi wout la.

Sitiyasyon sa lakoz rantre sid kapital la bloke. Moun ki swete ale nan Gran Sid p ap kapab, moun ki swete rantre nan kapital la bloke tou.

Fontamara 27 ak 29, Matisan 23 ak 25 toujou bloke

Dekouvri plis:

Daniil Medvedev remporte l’US Open en battant Novak Djokovic

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu