Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Fowòm jenès: Cazir Simpssie ak Kenley Jean-Baptiste met tèt ansanm pou oryante elèv lise Pétion yo

Fowòm jenès: Cazir Simpssie ak Kenley Jean-Baptiste met tèt ansanm pou oryante elèv lise Pétion yo

Fondasyon Jean-Baptiste nan tèt kole ak komite filo Lise Alexandre Pétion òganize yon fowòm jenès nan oditoryòm lise a yè vandredi 21 me a anba tèm: “Jeunesse et engagement citoyen pour une nouvelle Haïti”.

Fowòm jenès: Cazir Simpssie ak Kenley Jean-Baptiste met tèt ansanm pou oryante elèv lise Pétion yo

Nan okazyon an, entèvenan nan aktivite sa se te Schultz Cazir Simpssie ki se sekretè jeneral pati MTV-Ayiti ak Kenley Jean-Baptiste ki se ekriven epi otè 2 liv. Entèvenan yo te akonpaye pa Epaphras Gibbs ki se yon etidyan nan diplomasi epi li se ansyen anbasadè Lise Alexandre Pétion.

Nan entèvansyon yo, Kenley Jean-Baptiste te sitou met aksan sou 2 liv li yo ki se <<sept secrets pour passer de zéro à héros>> ak <<L’avenir d’une jeunesse kidnappée>>. Yon fason pou jèn ekriven an montre elèv yo kapasite yo ka devlope pou reyisi epi kale je yo sou kidnape yo kidnape avni yo. Se te okazyon pou Kenley Jean-Baptiste ankouraje jèn sa yo li, fè politik, anbrase koze kilti, espò, yon fason pou yo ka genyen yon nouvo Ayiti tout moun reve epi swete a.

Mesye Cazir Simpssie sou bò pa l nan apwòch li yo te aksantye l sou politik ke l estime jèn yo gen tandans neglije. Jèn politològ la fè apèl a yon revolisyon chanjman ki pou li menm ap pase pa edikasyon, politik, kilti ak tout lòt fòm pozitiv ki kapab pote solisyon ak pwoblèm sosyopolitik peyi a ap travèse a.

Konferans sa òganize nan yon moman kote tansyon an vrèman wo nan katye Bèlè ak anba lavil, ki bay anpil kè sote ak elèv lise Pétion, paran, kò pwofesoral elatriye ki twouve yo anba bouch afwontman ki toujou ap fèt ant nèg ak zam ki vin koz okenn moun pa epanye de katouch ki ka soti kenpòt kote epi fè viktim.

Malgre tout malè pandje sa, sa pa t anpeche Konferans lan reyalize. Se nan sans sa tou, karantèn elèv ki te prezan nan aktivite sa mande ak Leta santral la pou pran responsabilite l pou garanti sekirite anndan katye yo pou pèmèt yo vin lekòl trankil, pwofesè ka vin travay.

Fowòm jenès: Cazir Simpssie ak Kenley Jean-Baptiste met tèt ansanm pou oryante elèv lise Pétion yo

Dekouvri plis:

Chesnel Pierre, le directeur général de l’ONA, est décédé

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Éducation

Nan yon konferans ki te òganize yè vandredi 14 me 2021 an, anba tèm “Jeune cultivez votre temps afin d’avoir un avenir meilleur”, elèv...

Littérature

Apre soti liv devlopman pèsonèl “7 secrets pour passer de zéro à héros”, Kenley Jean-Baptiste ki se yon jèn politològ epi jiris tou ap...