Connect with us

Hi, what are you looking for?

Monde

Gana: yon prèt bo twa jèn fi sou bouch pandan l ap selebre yon mès

Gana: yon prèt bo twa jèn fi sou bouch pandan l ap selebre yon mès
Getting your Trinity Audio player ready...

Gana: Yon prèt legliz anglikàn bo twa ti jèn fi sou bouch pandan l ap selebre lamès.

Nan yon videyo k ap sikile sou rezo a ki tonbe anba men kèk entènot an Ayiti, nou ka remake yon prèt ki twouve l sou lotèl yon legliz, devan asistans, pran plezi anbrase twa jèn fi sou bouch pandan l ap selebre lamès.

Si oparavan kèk moun t ap mande ki kote sa pase paske pou kèk entènot ayisyen yo panse se pa bò isit aksyon sa te pwodui. Redaksyon Juno7 te mennen rechèch epi ale dekouvri plizyè sit afriken ki te bay nouvèl la.

Aksyon sa pase nan yon legliz anglikàn dimanch pase a nan peyi Gana. Prèt sa ki poze aksyon an rele Obeng Larbi. Sitwayen sa te pran plezi anbrase jèn demwazèl sa yo pandan foul ki te la ap rele tankou yo kontan paske y ap kontanple bèl mèvèy prèt la ap fè nan bouch ti jèn fi yo.

Videyo sa ta pral fè anpil pale anpil nan peyi Gana. Selon enfòmasyon yo, se nan St Monica’s Collège of Education nan rejyon Ashanti nan peyi Gana aksyon sa pwodui.

Nouvèl yo revele tou se yon elèv nan lekòl sa ki fè videyo a epi pataje l. Pou kounya responsab lekòl yo kote sa pase a ap chache elèv sa. Chache l poukisa? Yon repons sèl yo ka reponn.

Selon menm medya afriken yo, se premye fwa prèt la fè elèv yo sa daprè deklarasyon kèk elèv. Pou kèk entènot se jis yon prèv apresiyasyon li gen pou timoun yo. Tandiske kèk entènot bò isit sou yon gwoup Watsap fè sa fè blag pou di pè a sanble te vle fè krèy ak elèv yo.

Legliz anglikàn nan peyi Gana deklare li atriste pa sa k pase a epi pwomèt gen yon ankèt apwofondi k ap gen pou fèt pou klarifye tout bagay daprè yon kominike Georges Dawson Ahmoah ki se direktè egzekitif achevèk metwopoliten nan peyi Gana siyen.

Nan rechèch ke n fè, nou pa wè okenn entèvansyon prèt ki koze jès la fè pou klarifye sa k pase a.

Gana: yon prèt bo twa jèn fi sou bouch pandan l ap selebre yon mès

Dekouvri plis:

Séisme-SOS: besoin de don de sang pour trois enfants de 1 à 3 ans à l’hôpital Bernard Mevs

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu