Connect with us

Hi, what are you looking for?

Météo

Gen 7 depatman ki anba menas tanpèt twopikal Grâce, otorite ayisyèn yo toujou kenbe vijilans oranj la

Gen 7 depatman ki anba menas tanpèt twopikal Grâce, otorite ayisyèn yo toujou kenbe vijilans oranj la
Getting your Trinity Audio player ready...

Gen 7 depatman anndan peyi Dayiti ki riske pou touche pa tanpèt twopikal Grâce, otorite yo toujou kenbe vijilans oranj la

Nan moman atik sa t ap ekri a, nan plan nasyonal jesyon risk ak dezas, otorte yo toujou kenbe vijilans oranj pou tanpèt twopikal Grâce k ap fè aparisyon l sou peyi a.

Depi maten solèy la pa vrèman leve. Vè 11 è 30 nan maten, Pòtoprens koumanse mouye ak lapli ki kòmanse ap fè  aparisyon li.

Nan nouvo bilten meteyo ki te soti vè 9 è maten an enfòme pou l di sant depresyon twopikal Grâce  sitiye l 200 km Sidès Pòtoprens, Ayiti epi 280 km nan Ès vil Okay. Li ap deplase lwès a yon vitès 24 km/lè.

Sant depresyon siklòn sa ta dwe oryante l zòn preskil Sid Ayiti nan kòmansman aprèmidi a ak aswè a. Ap gen aktivite lapli, bon kout loraj, selon bilten espesyal meteyo sa.

Depatman ki plis sansib yo se Sidès, Nip, Sid, Grandans, Lwès, Sant ak Latibonit.

Otorite yo prevwa pandan pasaj tanpèt twopikal sa ke lanmè a kapab kite kote l ye a pou rive sou latè.

Tanpèt sa vini 2 jou aprè ke peyi a sot pran yon tranbleman tè 7.2 ki fè anpil dega nan depatman Grandans, Sid ak Nip kote plis 1 297 moun mouri, plizyè milye nan lari san konte  anpil lòt ki blese.

Gen 7 depatman ki anba menas tanpèt twopikal Grâce, otorite ayisyèn yo toujou kenbe vijilans oranj la

Dekouvri plis:

Le MSF relocalise son centre d’urgence à l’avenue Charles Summer

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Météo

Getting your Trinity Audio player ready... La météo prévoit des averses de pluies sur Haïti dont le département de l’Ouest en raison d’un front...

Météo

Getting your Trinity Audio player ready... Le passage d’un fond froid dans les grandes Antilles est la cause de l’humidité qui s’abat sur Haïti...

Météo

Getting your Trinity Audio player ready... Les Antilles menacées par un système tropical, la Direction de la Protection Civile appelle à la prudence. La...

Météo

Getting your Trinity Audio player ready... La météo du jour sur juno7 avec Chrisnette Saint Georges. Port-Au-Prince,Haïti.- Nous vous présentons les nouvelles pour ce...