Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Gen gwo danje lè yon moun pran plezi sekwe ti bebe k ap kriye pou l ka pe

Gen gwo danje lè yon moun pran plezi sekwe ti bebe k ap kriye pou l ka pe

Gen gwo danje lè yon moun pran plezi tonbe sekwe ti bebe k ap kriye pou l ka pe. Timoun sa ka menm rive mouri, daprè doktè Kerry Norbrun.

Nou souvan wè moun pran plezi sekwe ti bebe yo lè y ap kriye oubyen pa vle dòmi. Fò souvan moun ki fè sa se pou fè timoun sa pe oubyen arive fè l dòmi. Men daprè doktè Kerry Norbrun, pratik sa gen gwo danje lajan l, li ka menm touye bebe a lè li fè l devlope yon bagay ki rele nan lang fransè a “syndrome du bébé secoué”. Li te bay tout maladi pratik sa ka trennen dèyè l, kategori bebe ki ka frape pa sendwom sa epi bay konsèy ak paran yo.

“Syndrome du bébé secoué” a se yon blesi grav nan sèvo a. Daprè Kerry Norbrun, li touche timoun ki gen mwens ke 12 mwa men laj mwayen an se 2 a 5 mwa pandan l presize sa ka rive li touche timoun jiska 4 lane.

Jèn doktè a fè konnen lè yon moun ap souke bebe an tèt li pwojte nan tout sans. “Sèvo bebe an mou epi frajil , lè w ap souke bebe an sa ka anfle l epi pwovoke lezyon ladann. Sa ka bay yon emoraji ( pèdi san ) nan tèt selon kote w kenbe l lè w ap souke l la. Ka gen frakti nan tèt bebe an”, daprè eksplikasyon li.

Li te ale pi lwen nan eksplikasyon l yo pou l mansyone kèk siy ak sentom yon paran ka remake kay yon bebe ki fè syndrome du bébé secoué. Tankou li ka gaga konsa tou li konn bat kò l anpil epi li eksite, plede vomi, plede tranble epi fè kriz, gen difikilte pou respire, li ka pèdi konesans tou.

Lè yon bebe prezante siy sa, pi devan lè l ap grandi li konn pa ka aprann lekòl, gen pwoblèm diksyon, li ka gen pwoblèm pou l manje, pwoblèm somèy epi fè epilepsi sa n rele malkadi a. Li te ajoute pou l siyale bebe a ka mouri tou nan pratik sa. “Yo estime yon bebe y ap plede souke sou 5 mouri, epi 2 sou 3 ka gen gwo sekèl, gen bebe ki konn andikape.”

Kerry Norbrun te fini pou l di kriye bebe a ap kriye a se yon fòm komininasyon. Li fè konnen aprè 3 a 4 mwa kriye a ap diminye. “Si w wè bebe an ap kriye anpil epi li pa vle kalme menm lè w ap ba l tete fò w al kay Doktè avè l”, se sou konsèy sa yo li te fèmen sijè a.

Gen gwo danje lè yon moun pran plezi sekwe ti bebe k ap kriye pou l ka pe

Dekouvri plis:

Le taux de référence calculé par la BRH pour ce mercredi 10 mai 2023

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu