Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Gouvènman an pale sou kesyon deplase yo, chif pa UNICEF yo diferan ak pa otorite yo

Gouvènman an pale sou kesyon deplase yo, chif pa UNICEF yo diferan ak pa otorite yo

Gouvènman an nan yon konferans pou laprès li bay yè vandredi 25 jen an, nan lokal Ministè Travo Piblik, anonse ak popilasyon an jefò gouvènman an ap pran nan sa k gen pou wè ak kesyon travay sanitè, enfrastrikti routye epi jesyon deplase yo.

Konferans espesyal sa te gen prezans minis kilti ak kominikasyon an ki se Pradel Henriquez, sekretè Deta Kominikiasyon an, Frantz Exantus, epi titilè MTPTC a ki se minis Joiséus Nader.

Nan okazyon an, Frantz Exantus te pwofite moman an pou demanti enfòmasyon ki ta fè kwè se avanyè la gouvènman an resi foure men l nan pat la pou pote sekou ak sitwayen ki refijye nan pwòp peyi yo. Ansyen jounalis radyo Siyal FM lan fè kwè chak enstans nan gouvènman an te akonpaye deplase yo atravè FAES, Lameri epi anonse pouvwa an plas la ap kontinye travay pou pote sipò yo bay moun ki deplase yo.

Gwo eka nan chif pouvwa an plas la ak pa UNICEF yo

Byen avan konferans yè a, te gen youn ki te fèt jedi pa a, anndan Primati, ak plizyè otorite nan gouvènman an. Anndan konferans sa, Direktè Jeneral ONM lan Bonheur Delva enfòme gen 8 850 deplase, yon chif ki nètman diferan ak pa UNICEF la ki te fè konnen gen 16 800 deplase ki repati konsa: 6 mil nan zòn Matisan/Fontamara, 3 800 Taba/Isa epi 7 000 nan ba Dèlma. Kote gwo diferans sa soti? Ki enstans ki mal konte? Ki enstans ki twonpe sou chif yo? Se de seri kesyon moun ap poze.

Menm jan ak anpil wout anndan peyi a, wout nasyonal nimewo 2 a, zòn Matisan nan yon eta deplworab kote dlo, gwo tou elatriye anpeche sikilasyon an byen fèt. Nou ka menm konn remake moun se titato yo konn ap fè sou wout sa pou deplase lè yon lapli fin tonbe. Minis Josué Nader ki t ap reponn kesyon jounalis sou eta wout sa te pwente dwèt li sou koze ensekirite li raple ki gen nan zòn sa ki fè travay sou wout sa po ko koumanse epi enfòme gen yon pati ladan l BID ap finanse k ap koumanse Kafou pou bout Gresye.

Gouvènman an pale sou kesyon deplase yo, chif pa UNICEF yo diferan ak pa otorite yo

Dekouvri plis:

Le taux de référence calculé par la BRH pour ce samedi 26 juin 2021

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Santé

Le nombre d’enfants souffrant de malnutrition aiguë sévère en Haïti en 2024 a augmenté à cause de la violence des gangs selon l’UNICEF L’UNICEF...

Actualités

L’UNICEF juge que le chaos dans le pays ressemble à une scène de «Mad Max» Le chaos en Haïti continue d’alerter la communauté internationale....

Actualités

Plus de 3 millions d’enfants en Haïti ont besoin d’aide alimentaire, un record selon l’Unicef. Dans un rapport sur la crise en Haïti, le...

Insécurité

Au moins deux enfants ont été tués par balle à Port-au-Prince selon le Fonds des Nations-Unies pour l’Enfance (UNICEF). Un communiqué en date du...