Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Grèv la ap leve jodia a 4 è selon Jacques Anderson Desroches

Grèv la ap leve jodia a 4 è selon Jacques Anderson Desroches
Photo: Ody Bien-Eugène | Juno7

Grèv jeneral la ap leve sou peyi a jodia bò 4 è selon sendikalis Jacques Anderson Desroches.

Nan yon konferans pou laprès, Jacques Anderson Desroches ki se manb Fòs Sendika pou Sove Ayiti (FOSSA) anonse leve grèv la pou jodia a 4è epi ap reprann 3 novanm k ap vini la.

Leve grèv sa se pou pèmèt sitwayen yo ale ravitaye. Sendikalis la rasire demen dwe gen travay, vandredi dwe gen travay tou men li deja anonse 3 novanm se ap grèv ankò epi menase li ka pi rèd si Premye Minis Ariel Henry boude revandikasyon pèp la, pa chache mwayen pou pote solisyon.

Jounen grèv sa yo se pou koze ensekirite jeneralize, rate gaz ki gen nan peyi a. Depi lendi okenn aktivite komèsyal pa fonksyone, kapital la sanse blanch. Se menm konsta a nan anpil vil pwovens.

Manb FOSSA yo deklare tou yo pran tout distans ak fòs politik ki vle itilize mouvman sa nan kan pa yo epi pwomèt y ap kontinye angaje yo ak pran responsabilite yo pandan yo mansyone y ap chache yon solisyon ayisyèn nan kriz la.

Grèv la ap leve jodia a 4 è selon Jacques Anderson Desroches

Photo: Ody Bien-Eugène | Juno7

Dekouvri plis:

Majorite zòn nan Pòtoprens gen pwoblèm dlo trete

Click to comment

Laisser un commentaire

Granmoun renmen li…timoun fou pou li…se yon dirikontan!
Quand le design rencontre la performance. Il y a tant de choses à apprécier dans la toute nouvelle MG RX5, avec ses caractéristiques extérieures élégantes et sportives et son intérieur élégant et confortable.

Plus de contenu

Actualités

Sou demann popilasyon an, sendika transpò piblik yo repòte pwovizwaman twa jounen grèv yo te anonse pou peryòd ekzamen ofisyèl bakaloreya. Grèv jeneral ki...

Aktyalite AN KREYÒL

Asosiyasyon Chofè Pwodui Petwolye an Ayiti lanse yon grèv kont ensekirite pou demen jedi a. Asosiyasyon Chofè Pwodui Petwolye an Ayiti anonse yo lanse...

Aktyalite AN KREYÒL

Òganizasyon sendikal tankou FUTRAH, FENATRAH ki te lanse modòd grèv la anonse yo leve l men li toujou kenbe sou Gran Sid la. Jodi...

Aktyalite AN KREYÒL

Aprè 2 jounen grèv ki te fèt lendi ak madi pase a sou direksyon sektè sendikal la , jodi mèkredi 3 fevriye a anpil...