Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Guerking Souffrant, yon “repòtè dimaj” ki make lane 2020 an sou rezo a

Guerking Souffrant, yon "repòtè dimaj" ki make lane 2020 an sou rezo a

Guerking Souffrant yon non ki di anpil bagay sou rezososyo a, sitou nan sa k gen pou wè ak koze metye jounalis la kote jèn gason 26 lane sa make ane 2020 an ak medya li a “Passion Info Plus” ki te toujou prezan sou teren an nan majorite evènman ki te domine aktyalite a. Redaksyon Juno7 la te f on ti pale ak li.

Jan nou mansyone l pi wo a, Guerking Souffrant gen sèlman 26 lane, li se orijinè Machan Desalin, li diplome nan ISNAC ki s on lekòl jounalis epi l se PDG medya an liy Passion Info Plus ke l kreye, ki pèmèt li gen yon maksimòm popilarite ak kredibilite sou rezo a sou fason li enfòme moun a “temps réel” nan videyo l ap pote yo.

Guerking Souffrant kòmanse egzèse metye jounalis la an 2019 selon sa l di nou pandan l fè konnen sa pa t fasil epi pwofite raple 3 moun nan sektè a ki te ede l

“Mwen kòmanse egzèse metye jounalis la depi 2019, paske se lè sa mwen gradye epi prete sèman pou m respekte kòd ak deyontoloji metye a… Men pou m byen di w kòmanse a pa t fasil ditou pou mwen… Lunie Joseph, Matiadore Vilmé, Maceant Jean Philippe, twa moun sa yo te chwazi ede m, pran ka mwen nan lari a”.

Jodiya Guerking Souffrant ap byen mennen bak li nan koze medya an liy lan kote l di l mare pasyon, motivasyon, admirasyon ak atachman pou metye a pou l enfòme entènot yo sitou. Men, li pa kache nou ke manman l pa t janm vle koze jounalis pou li kote jiskaprezan selon sa l di, manman l toujou ap repete l: “Guerking mwen pa nan koze jounalis ou, yon vye peyi konsa ou pa wè lòt bagay pou w ale se la w ale pou w mouri bonè”.

“Passion Info Plus”, bwa dèyè bannann Guerking Souffrant

Jodia tout pale yon moun ka ap pale de Guerking sou rezo a kòm jounalis oubyen repòtè dimaj ki gen foug se paske l te deside met yon zouti kanpe ki rele “Passion Info Plus” pou l enfòme moun atravè videyo, foto, tèks, live Facebook. Yon zouti ke l kanpe an 2019 apre mennaj li Woldine Prophète te ankouraje l fè sa.

“Yon bon jou mennaj mwen Woldine Prophète deside fè m kwè plis nan travay m ap fè a epi li di m King ou gen twòp pasyon pou metye sa, ou gen tout kalite yo pou w ta fè medya pa w, epi Wood di m sa w panse si nou rele l Passion Info Plus”.

Se la non medya Guerking Souffrant an ta pral soti ki vle di pou li tout admirasyon, atachman ak enterè li gen pou metye a epi raple jan fidbak yo pozitif pou medya an liy sa

“Nou(li ak mennaj li) travay nou fè l mache, jiskaprezan fidbak yo pozitif. Bon kontni mwen toujou poste sou chèn nan fè jodiya li gen 14 mil abòne nan yon lane”, Yon konsta ki fè Guerking Souffrant kontan ak mennaj li epi l raple nou ke France 24 te poste videyo l anndan yon atik apre yon dosye li t al fè nan kawach ri antèman lapolis te kraze.

Videyo Passion Info Plus woule sou anpil estati watsap moun, yo pataje anpil, yo rive anpil kote, moun ki aktif sou rezososyo pa ka bliye jan Guerking Souffrant te fè moun viv byen ta lanmò etidyan Grégory, menn Guerking sa te getan sou Poupla byen ta resamman ap fè entènot yo viv mobilizasyon moun zòn sa ki t ap mande lage demwazèl 16 zan yo te kidnape zòn legliz Sentantwàn la, san konte plizyè lòt evenman ak mouvman Guerking fè moun viv. Lè n mande l kote l jwenn motivasyon ak rapidite sa, li te reponn konsa

“Motivasyon ak detèminasyon m vle di anpil nan travay m ap fè a. Metye m se pasyon m, mwen atache ak li, mwen renmen sa m ap fè a, se la rapidite m nan soti paske depi w renmen sa w ap fè se tankou ou mete yon alam sou kò w, nenpòt evènman enpòtan, nenpòt lè ak lye a tou l ap deklannche e fòk ou la”.

Rezo a ap reklame Guerking Souffrant Jounalis Delane

Fas ak kokenn chenn travay Guerking Souffrant reyalize sou ane 2020 an ak Passion Info Plus, anpil entènot sou paj yo oubyen sou paj Facebook konsène a pa sispann klewonnen se li ki jounalis delane. Yon pozisyon ke PDG Ted’Actu a, Ralph Tedy Erol pataje lè l poste sou paj li: “Bay Guerking plas mwen an nan distenksyon/Top 10 ane a. Li travay ke mwen. Oui, il était(est) à l’affût de tout événement”.

Fas ak demann epi swè plizyè entènot k ap mande sa, Guerking Souffrant te deside reponn konsa pou di sa l panse

“Di m jounalis delane se yon tit deja. Men, ou konnen sa ki satisfè m se paske se piblik la k ap swete l, e se la mwen rann kont ke m te itil vrèman, e mwen te satisfè piblik mwen an, mwen fyè de yo”.

Si anpil jounalis ap fè de bèl travay nan sektè pou rive bay metye a yon ekla nan je moun, gen anpil lòt seri jounalis tou ki lage nan deriv, nan trivyalite, nan dezenfòme. Se rezon Guerking Souffrant te pran yon ti tan pou voye kèk konsèy bay konfrè ak konsè jounalis parèy li yo

“Li t ap enpòtan jou jèn sa yo ki gen anpil odyans ta sèvi ak mikwo yo, telefòn yo byen ke anpil moun di se yon medya. Telefòn nou genyen kounya se pa sa ki pwoblèm lan, se kalite kontni y ap pwodui a, li t ap bon si yo ta itilize telefòn yo ak mikwo pou ede kominote pito, nou kapab ede peyi devlope, nou kapab bay demokrasi a plis jarèt paske enfòmasyon se pouvwa si nou byen trete enfòmasyon nou, se bon pou sosyete a. Men, si nou lage enfòmasyon pou plezi san verifye, n ap fini ak sosyete a paske Fake News yo ale rapid, lè konsa yo plis detwi ke konstwi”.

Guerking Souffrant, yon non ki kache dèyè Passion Info Plus k ap batay pou pami youn nan meyè anndan metye a. Yon jèn ke lòt jèn ki renmen metye a, ki renmen medya an liy sitou, ta dwe swiv pou avanse.

Dekouvri plis:

Ki veritab wòl yon jounalis? Adolphe Denilson Jason ap eksplike atravè yon videyo

Plus de contenu

Actualités

Journée mondiale de la liberté de la presse: l’ambassade des États-Unis mise sur la formation de 24 journalistes haïtiens à la Voix de l’Amérique...

Actualités

Célébration de la journée mondiale de la liberté de la Presse : « En Haïti, la question de la sécurité des journalistes reste préoccupante...

Actualités

L’Association Nationale des Médias Haïtiens (ANMH) se dit préoccupée par les  déclarations du Président Jovenel Moïse sur les journalistes A la suite des récentes...

Actualités

Quoique parsemé d’embûches, le journalisme est un métier qui fascine des jeunes en Haïti . Certains sont devenus journalistes par simple curiosité ou en...