Depi 3:30 maten an moun pelig bloke wout la, kawoutchou ap brile, anwo pa monte, anba pa desann.
Daprè enfòmasyon ki rive jwenn nou nan redaksyon Juno7 la, popilasyon zòn sila pa deside peye kouran pwiske « Se sou tè yo pelig konstwi. »
Bilan: Kawoutchou kèk bis ki t ap prete wout sila pou rive pòtoprens plat, aktivite yo paralize, panik total.
Ret branche juno7 pou swivi sou evolisyon dosye sila.
