Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Yon gwoup sitwayen devan Anbasad Etazini ap mande azil politik

Yon gwoup sitwayen devan Anbasad Etazini ap mande azil politik

Yon gwoup sitwayen te plante pikèt yo jodi vandredi 9 jiyè a, devan lokal Anbasad amerikènnan komin Taba pou mande azil politik akoz ensekirite a ki pa sispann ogmante.

Timoun, granmoun, jèn, moun tout laj te kanpe devan anbasad la byen bonè maten an pou vin mande azil. Genyen nan yo ki te akonpaye ak malèt yo, paspò, sa k te san paspò tou.

Anpil nan yo nan ti pale ak jounalis eksprime enkyetid yo ak koze ensekirite a ki pa sispann fè viktim ki pase pran prezidan Jovenel Moïse tou anndan lakay li.

Anpil fè konnen aksyon sa ki pase kay Jovenel Moïse la se dènye gout dlo ki ranvèse vaz la pou montre nou an danje, pyès moun pa epanye.

Nan sans sa, sitwayen yo te vini an gwoup vin mande azil, mande Etazini fè yon bagay ak yo, voye yo ale viv yon lòt kote paske yo pa an sekirite sou teritwa a.

Si kèk moun ka konsidere aksyon sa kòm yon blag moun yo ap fè, pou sèten lòt se yon mesaj ki voye pou montre peyi a envivab, moun yo ap viv nan laperèz.

Yon gwoup sitwayen devan Anbasad Etazini ap mande azil politik

Dekouvri plis:

Haiti – Assassinat du président: la justice a verbalisé objets, argent trouvés en possession des mercenaires

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

L’ambassade des États-Unis n’est pas fermée mais son personnel est confiné dans ses locaux. L’ambassade des États-Unis à Port-au-Prince, dans une alerte d’information mise...

Actualités

Tabarre: face à la terreur des gangs, des habitants fuient leurs maisons et s’installent devant le bâtiment de l’ambassade des Etats-Unis en Haïti. Depuis...

Actualités

Journée mondiale de la liberté de la presse: l’ambassade des États-Unis mise sur la formation de 24 journalistes haïtiens à la Voix de l’Amérique...

Actualités

L’ambassade des États-Unis en Haïti ferme ses portes à l’occasion du 18 novembre Haïti.- L’ambassade des États-Unis à Port-au-Prince annonce qu’elle ferme ses portes...