Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Haïti: l’OPL condamne l’attaque armée contre le sénateur du Sud, Jean-Marie Salomon

L’Organisation du Peuple en Lutte (OPL) a condamné, dans une note transmis à notre rédaction, l’attaque armée perpétrée vendredi en début de soirée contre le véhicule du sénateur du Sud, Jean-Marie Salomon, dans les parages de la centrale de l’EDH, au Bicentenaire.

La teneur de la note de l’OPL


Pòtoprens, 31 dawout 2018

Nòt pou laprès

Oganizasyon Pèp Kap Lite (OPL) ap denonse manifestasyon pouvwa bandi san fwa, ni lwa ki rekomanse simen laterè lavèy louveti lekòl la nan zòn Bisantnè- Site de Dye, Bolòs, Pòtay Leoga n, pandan l kondane ak tout fòs li, tantatativ sasinay bandi san fwa ni lwa fè sou Senatè OPL la, Jean Marie Junior SALOMON, bò 5 è nan apre midi jounen vandredi 31 dawout la, sou Bisantnè, pandan li tap sot nan travay li nan Palman an pou l rantre nan Sikonskripsyon l, nan depatman Sid peyi a. Senatè a genyen anpil chans, li soti vivan anban atak sible bandi yo kite gen gwo zam lou nan men yo, fè sou machin li. Men polisye, ajan UDMO ki detache ak li pou sekirite l la blese nan tet ak katouch kit e sipoze touye l, chofè li men m pran gwo chòk. Machin Senatè a krible ak bal gwo kalib kriminel atoufè yo vide sou li.

Zak sa ki frappe Senatè Sid la se rezilta neglijans otorite ki nan pi wo nivo Letata a, ki kite zam gaye pasi pala nan men moun ki pa gen otorizasyon pou sa, otorite ki nan tet Leta a refize pran bon jan mezi pou garanti sekirite tout moun nan peyi a. Preske nan tout depatman yo gen zòn se bandi ki kòmande.

Si bandi nan zon site Letènel, Site de Dye yo ka rive poze gwo lajounen yon zak konsa sou yon gwo otorite nan Leta, yon Senatè Repiblik la, apre yo fin tire lavèy sou machin Lapolis, ki garanti Pouvwa Ekzekitif la ka bay elèv ki pral lekòl lendi 3 sektan m nan; paran ti moun yo? Ki garanti otorite yo ki plase pou fe peyi a mache nan lòd, sekirite ak lapè ka bay malere ak malerèz ki gen obligasyon pou leve byen bonè chak jou pran lari pou al chache lavi pou jere fanmi yo nan yon sitiyasyon kote mizè ap taye banda?

OPL ap fè tout moun ki gen responsablite kelkonk nan jere machin Leta sonje, politik sinik lese grennen an mete lavi tout moun nan peyi a an danje: pèson n pa alabri. Lè responsab yo pa pran misyon yo oserye, konsekans lan pou tout moun. Li lè, li tan pou nou mete fren nan degrengolad la. Li lè, li tan pou nou gouvène peyi a swivan lalwa. Politik, se mete Leta osevis tout pèp la pou li kab viv pi byen chak jou.

OPL mande Chef Leta ak tout sila yo ki gen responsablite nan gouvenans peyi a, pran responsablite yo pou bay tout moun sekirite kòm sa dwa. Se pou Chef Lapolis, responsab Lajistis, itilize tout pouvwa lalwa ba yo pou mete bandi yo nan wòl yo, reprann kontwòl tout zòn cho epi pèmet popilasyon an egzèse tout dwa li genyen poul viv byen nan katye kote li rete. Se pou Lapolis ak Lajisjistis pouswiv bandi kriminel ki fè tantativ sasinay sou Senatè Jean Mary Junior Salomom an, epi bayo sanksyon lalwa rezève pou yo.

Pou Komite Ekzekitif Nasyonal la :
Danio SIRIACK
Kodonatè Kominikasyon

A lire sur le même sujet: Attaque armée contre la voiture du Sénateur Jean Marie Salomon: un policier tiré en pleine tête

Plus de contenu