Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Harry Abilhomme Lanse yon ekspozisyon vènisaj pou voye yon mesaj renouvo

Harry Abilhomme Lanse yon ekspozisyon vènisaj pou voye yon mesaj renouvo

Harry Abilhomme ki gen non atis li ki se Brad Spencer, lanse 14 janvye pase a, nan Café 36, zòn Petyonvil, ekspozisyon nouvèl orizon ki se yon vènisaj ki kòmanse menm 14 janvye sa k’ap fini 24 nan menm mwa sa.

Nan ti pale Juno7 te fè ak Harry Abilhomme sou ekspozisyon sa, li fè konnen lide sa vini yon fason pou voye yon mesaj renouvo pou 2021 an aprè lane pase a te konnen yon kriz santitè tèt chaje melanje ak kriz sosyal, politik ak ekonomi.

“Nouvèl orizon se yon tèm ki te enspire m’ aprè konfinman pandan mwen te Monreyal. Nouvèl orizon se yon kontras de 2020 ki se yon lane kriz sanitè, politik, sosyal ak ekonomik. Se yon mesaj renouvo mwen voye pou 2021 pou m’ di sa ka miyò se yon sous de pozitivite”, eksplike mesye Abilhomme.

Harry Abilhomme fè konnen li jwenn enspire li nan lanati ak enèji pou li kreye koleksyon li yo pandan l te tou pwofite konfye ak Juno7 nan ki objektif li pran yon parèy inisyativ.

“Mwen egzakteman sou twazyèm ekspozisyon mwen an Ayiti, alòs yon inisyativ konsa se renouvle pak mwen fè ak peyi m’ pou m’ di malgre tout bagay, mwen pap lage l. Depi mwen jwenn enspirasyon, m ap toujou lage yo sou twal epi prezante yo bay piblik isi tankou lòt bò dlo. Donk objektif la se pèseverans, se detèminasyon epi se yon mesaj m ap voye bay jèn parèy mwen yo pou m di yo nou kapab fè bèl bagay tou”.

Harry Abilhomme fè konnen fidbak la trè pozitif malgre li nan kòmansman karyè atistik li, pandan l fè konnen tout moun ki wè tablo li yo ba l yon mesaj diferan ki pèmèt li konprann ki enèji moun sa yo degaje .

“Kòm mwen nan kòmansman karyè atistik mwen, fidbak yo pozitif epi pou m byen di w, mwen pat atann sosyete a t ap anbrase penti abstrè konsa. Tout moun ki wè tablo yo gen yon mesaj diferan yo ban mwen, mwen ka konprann ki enèji moun nan degaje nan moman an”.

Kiyès ki Harry Abilhomme?

Harry Abilhomme ki gen ti non Brade Spencer se yon atis, yon revè, yon etidyan nan fashion. Li fè konnen tou li se yon pwogresis, yon antreprenè, yon dizaynè epi lidè tou. Li se yon amoure fou politik entènasyonal.

Pou dekouvri tablo vènisaj Harry Abilhomme yo ou gen posiblite pase nan Petyonvil, ri Clerveaux, lokal Café 36. Ekspozisyon sa kòmanse depi 14 nan mwa sa epi l’ap fini dimanch 24.

Dekouvri plis:

Opozisyon an deklare se yon siksè jounen mobilizasyon 15 janvye a nan tout peyi a

Plus de contenu