Connect with us

Hi, what are you looking for?

Tech

Iziminit, yon platfòm “Top Up” ki pèmèt moun mete minit sou telefòn yo

Iziminit, yon platfòm "Top Up" ki pèmèt moun mete minit sou telefòn yo

Iziminit, yon nouvo platfòm Top Up ki la pou moun mete minit sou telefòn yo.

Iziminit se yon platfòm ayisyen ki kreye pou pèmèt moun mete minit sou telefòn yo. Yo gen posiblite rechaje telefòn Digicel ak Natcom selon sa Blanc Jeff youn nan responsab platfòm sa eksplike ak redaksyon Juno7 la.

Pwosesis pou rechaje a pa konplike si n kwè eksplikasyon Blanc Jeff yo. Pou yon moun rechaje l ap jis monte sou sit http://www.iziminit.com oubyen l ap telechaje aplikasyon mobil la sou app store oubyen play store epi swiv pwosesis la ki se: Klike sou top Up now with Iziminit apre antre nimewo telefòn nan chwazi operatè a epi mete pou kantite lajan ou vle rechaje a. Pou fini nèt moun lan ap ajoute enfòmasyon pèsonèl li, imèl ak enfòmasyon kat kredi l, daprè tout detay Blanc Jeff.

Avantaj yon moun genyen nan rechaje sou Iziminit se paske minit yo double, triple epi gen kado ki bay chak mwa ak moun ki rechaje anpil. Blanc Jeff fè konnen rechaj yo koumanse pou pi piti 5 dola us.

Iziminit se yon pwojè plizyè jèn met tèt ansanm mete sou pye. Li lanse nan mwa out la. Blanc Jeff fè konnen sa ki motive yo pouse platfòm sa, se paske feedback la koumanse pozitif.

Depi lè pwojè a lanse a se moun Etazini ki rechaje plis. Men nan baz done a gen 8 peyi se la rechaj yo fèt.

Pou pwojè sa, estaf ki dèyè l la wè gran, yo vize atenn plizyè lòt peyi, selon deklarasyon Jeff Blanc. Li te tou pwofite envite moun yo telechaje aplikasyon an.

Iziminit, yon platfòm "Top Up" ki pèmèt moun mete minit sou telefòn yo

Dekouvri plis:

Le premier ministre veut récupérer tous les biens de l’État en possession des 9 secrétaires d’État

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Tech

Arrivée de Starlink sur le marché national. Arrivée de Starlink sur le marché national: une première étape a été franchie dans la démarche d’autorisation...

Tech

Les iPhone 14 ne prendraient pas de carte SIM physique, les opérateurs haïtiens n’offrent pas encore la technologie compatible qui est l’eSIM Après des...

Tech

Les Japonais ont créé des maisons anti-sismiques «volantes». Récemment, des scientifiques japonais ont suggéré de construire des maisons qui ne seraient pas sur terre...

Santé

«Doc Mobile»: une application de télémédecine qui facilitera la communication entre les patients et les médecins. Port-au-Prince , Haïti .- L’univers médical haïtien a...