Connect with us

Hi, what are you looking for?

Sports

Izolan, yon rapè ki panse gran nan sektè foutbòl isit

Izolan, yon rapè ki panse gran nan sektè foutbòl isit

Malgre gwo fo pa ekip Akayè FC la sou teren ekip meksiken an Cruz Azul, sa pa ka fè n getan bliye tout kalte travay atis Izolan fè pou ekip sa pou l rive kote l ye a.

Izolan ki fèt nan vil Akayè, ki se chantè gwoup Barikad Crew te degaje yon lide ki gran lè l te deside vin prezidan ekip foutbòl Akayè FC ki gen sèlman 5 lane depi fonde.

Gras ak yon pakèt jefò melanje ak sakifis, pitit komin Akayè a arive fè ekip foutbòl komin sa pase nan premye plan nasyonal jistan li arive sou sèn entènasyonal la.

Jean Léonard Tout-Puissant tout moun konnen sou non Izolan pa t janm lache malgre difikilte, lè nou konnen kijan koze foutbòl ye isit. Gras ak li, ekip foutbòl sa chapyon nasyonal D1 an 2019, 3 lane apre klèb la fin kreye (22 fevriye 2016), klèb la patisipe nan lig dè chanpyon CONCACAF epi trè koni sou sèn lokal la.

Se vre klèb foutbòl atis la pran 8-0, 3 jwè pati kite ekip foutbòl men Akayè FC dwe rete kanpe korije sa k pou korije, vini ak nouvote epi rete sou menm dinamik lan ki se angouman pou toujou ap pwogrese.

Tèlman lanmou atis la fò pou ekip la, malgre dewout la li pa kache lanmou l anndan yon mesaj sou Facebook pou tout ekip la pou l di

“Mwen jwenn yon move kado pou fèt mwen jodi a, anpil love Akayè FC, mwen renmen nou anpil pou kouraj nou, nou pase anpil mizè pou n te rive nan faz sa”.

Nan okazyon fèt atis la, sal redaksyon Juno7 la swete Izolan bòn fèt epi swete l kontinye sou menm chimen an.

Dekouvri plis:

Endividi met dife nan kèk machin pandan mouvman 7 tou palè a

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

Grâce au soutien du rappeur Izolan, deux jeunes haïtiennes vont intégrer l’équipe de Managua FC au Nicaragua. Rebecca Dorcelus et Wilmita Alcide vont intégrer...

Culture

Le rappeur haïtien Izolan se lance dans une nouvelle aventure artistique avec son propre groupe, “Izolan Groupe”. Jean Léonard Tout-Puissant, plus connu sous son...

Culture

Le rappeur haïtien Izolan allie musique, engagement social et passion pour le football pour soutenir sa ville natale. Jean Léonard Tout-Puissant plus connu sous...

Sports

Football: l’artiste Léonard Tout-puissant connu sous son nom d’artiste Izolan fait son retour à l’Arcahaie Football Club. Neuf mois après avoir laissé le club,...