Connect with us

Hi, what are you looking for?

Littérature

“J’apprends avec Cate”, yon ouvraj pou timoun aprann ak amize yo

"J'apprends avec Cate", yon ouvraj pou timoun aprann ak amize yo

J’apprends avec Cate se yon nouvo ouvraj Madam Nicaëla Bien-Aimé soti pou timoun de 2 a 6 lane. Majistwa adjwent komin Gonayiv la soti ouvraj sa nan lide pou pèmèt timoun yo aprann ak amize yo. Li t ap reponn kesyon Juno7

Juno7: Prezante tèt ou antanke otè liv j’apprends avec Cate?

Nicaëla: Mwen se Nicaëla Bien-Aimé, Avokat epi pent de profesyon. Mwen se pi gran nan yon fanmi ki gen 3 timoun. Mwen fèt Gonayiv. E mwen se aktyèl Merès Adjwen Meri Gonayiv.

Juno7: Pale nou de nouvo liv sa, kisa k gen ladan l kòm kontni?

Nicaëla: An fèt, j’apprends avec Cate se yon koleksyon de Kaye exzèsis ki gen pou genyen 10 nimewo ladanl. Men pou kounya nou pibliye 2 nimewo ki se: 1- les formes et les couleurs 2- les chiffres et l’alphabet.

Juno7: Rezon kifè w ekri liv sa?

Nicaëla: Mwen ekri l se nan peryòd peyi lòk kote timoun pa t ka al lekòl epi mwen te oblije tounen mètrès pitit mwen Cate e se apati de la m konprann li enpòtan, menmsi lari pa bon ou gen yon entèdiksyon pou soti fok Erika ki s on timoun yo kontinye. E se konsa nou vinn ak pwojè sa. Paske Cate se yon mezon edisyon ki pral gen plizyè pwodui pou timoun tankou :
Kaye ekri ti
Kaye koloryaj
Kreyon
Sak etc…
J’apprends avec Cate se youn nan pwodui sa yo.

Juno7:Timoun ki laj ki ka sèvi ak liv sa?

Nicaëla: 2 an a 6 an pou kaye egzèsis J’apprends avec Cate yo.

Juno7: Kote liv sa disponib epi ak konbyen kòb yon moun ka achte l?

Nicaëla: Aktyèlman li disponib kote sa yo:
Big Star Market
Festi Décorations
Pharmacie express
Alliance française des Gonaïves. Byento nou pwal gen plis pwen de Vant.

Juno7: Ki byenfè ou panse ouvraj sa ka genyen sou timoun yo?

Nicaëla: L ap pèmèt yo aprann pandan y ap amize yo, sitou lè yo pa ale lekòl.

Juno7: Pwochen liv ou se sou kisa?

Nicaëla: Sou lidèchip ak espirityalite.

Juno7: Yon mesaj pou n fini

Nicaëla: M ap di mèsi ak Juno7 pou bon travay li nan kominote an. m ap mande pou Ayisyen mete tèt ansanm pou yo retire peyi a nan sa li ye a. Epi m ap mande paran yo achte Kaye egzèsis: j’apprends avec Cate . 2 nimewo yo ansanm ap koute w 1000 goud.

Dekouvri plis:

Décryptage de la crise Haïtienne”, INCAS en quête des pistes de solution

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Littérature

Jeune Yves Marc se non yon jèn pwofesè filozofi ki ekri 3 liv fransè pou elèv nouvo segondè ak yon liv filozofi tou. Li...

Annonces

Ce jeudi 22 mars a 17h, à la Réserve, Renald Luberice signe son dernier ouvrage “Au nom d’une fille”. L’auteur défend la participation des...