Connect with us

Hi, what are you looking for?

Culture

Jazz yon mizik nanm

Depi plis pase 10 lanne ann Ayiti nou genyen Festival Jazz, men anpil moun pa konnen kote mizik jazz la soti, kisa mizik Jazz la ye ? kote li jwenn orijinalite l ? Sa ki fè li se yon mizik ki gen anpil nanm, yon mizik ki vivan.

Jazz se yon modèl mizik ki kale nan peyi Etazini nan vil Lwizyàn, espesyalman nan Nouvèl-Òleyan nan Delta Misisipi.  Li se yon melanj « Blues » tradisyonèl ak mizik ewopeyen, se premye fòm mizik afro-meriken.  Blues la li menm, nan mak fabrik li, se yon fòm mizikal ki pèmèt moun eksprime yon ansanm santiman tankou tristès, lapenn, lanmou ak revandikasyon tou.  Nan epòk segregasyon nan peyi meriken, esklav yo te konn itilize l pou chante lapenn yo, kòlè yo pandan y ap bourike nan chan koton yo.

Jazz la soti nan plizyè sous : mizik esklav yo chante lè y ap travay sa yo rele “work songs” kise blues la ; mizik legliz sa yo rele « Gospel » la epitou tout lòt fòm mizikal nwa yo soti ak yo ann Afrik men tou ak deplasman yo anndan peyi Etazini.

Premye enstriman nou jwenn nan mizik Jazz la se enstriman kwiv yo, kidonk, enstriman a van yo tankou : twonpèt, twonbòn, saksofòn. Apre nou vin jwenn enstriman ak kòd yo ak anch yo tou. Nan 19e syèk la, ak abolisyon segregasyon nan peyi Etazini, nwa yo vin jwenn pasaj pou al etidye mizik, konsa yo vin fòme yon seri gwo gwoup mizik jazz yo rele « Big bands », ki se yon seri gwo  òkès, apre yo vin redwi yo ak 3 ou 4 moun epi yo rele yo « Bebop », konsa Jazz la pral pran divès fòm –swing, middle jazz…- pandan l ap travèse syèk yo. Jounen jodi a nou jwenn divès fòm Jazz : cool jazz ; hard bop ; free jazz ; jazz latin, bossa nova elatriye.

Se tout listwa lesklavaj ak melanj epitou anpil libète pou w kreye anndan mizik la jazz sa nou rele enpwovizasyon ki bay mizik sa nanm konsa. Se yon mizik ki vivan ki fè emosyon yo sòti tou kri jan yo ye a.

Mizik Jazz la fè nou dekouvri anpil gwo talan tankou Scott Joplin, Mile Davis, Ray Charles, Nina Simone, Nat king Cole… men moun yo konsidere kòm papa mizik sila se        Louis Armstrong.

Dapre moso enfòmasyon sa yo m pataje ak nou an, nou ka wè Jazz la se yon mizik popilè kidonk, yon mizik moun yo defavorize yo te konn jwe espesyalman nwa yo. Fòk nou pa kite l nan men yon klas moun ki vle pran l pou yo senpman, tout kote l ap fèt gratis fòk nou patisipe.

Sou nòt sa m envite nou tout al patisipe nan Festival Jazz la k ap tanmen 20 pou bout 27 janvye 2018, al aprann konnen mizik sa ki degaje anpil emosyon epi k ap pèmèt nou reflechi sou koze mizik ann Ayiti k ap depafini jou apre jou.

ZO Mangay Vanyan

[views]

Plus de contenu