Connect with us

Hi, what are you looking for?

Santé

Ansyen depite Jean Robert Bossé konfime li gen kowonaviris

Ansyen depite Jean Robert Bossé konfime li gen kowonaviris

Jan enfòmasyon yo t ap sikile fè kwè ansyen depite Jean Robert Bossé gen kowonaviris, konsène a atravè yon mesaj konfime revelasyon sa yo.

Atravè yon mesaj, ansyen depite sou banyè OPL la fè konnen li teste pozitif aprè li te fin santi li gen fyèv, tous, kò kraze ak tèt fè mal jou ki te madi 18 me a.

Ansyen depite a ki fè pati manb opozisyon an rasire tout moun pou l di ke l pa twò mal, li konfine tèt li lakay li.

Mesye Bossé fè konnen li kontinye ap pran konpripe, vitamin epi enfòme ke li kontwole nivo oksijèn li chak 2 èd tan.

Li konseye ak popilasyon an pou fè anpil atansyon nan moman difisil sa.

Selon enfòmasyon nou gen plizyè sant ospitalye nan kapital la ki ranpli ak pasyan ki kontamine pa kowona a.

Dènye jou sa yo chif yo pa sispann ogmante lè nou refere n ak estatistik MSPP toujou ap kominike yo. Otorite sanitè yo menm enfòme gen 2 varyan sou teritwa a ki trè danje.

Fas ak sa, Jovenel Moïse dekrete 8 jou eta ijans sanitè sou teritwa a epi egzije respè jès baryè yo.

Ansyen depite Jean Robert Bossé konfime li gen kowonaviris

Dekouvri plis:

L’Italie remporte l’Eurovision pour la troisième fois

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Santé

Kowonaviris: aprè 28 jou nan koma, yon enfimyè reveye aprè yo fin ba l vyagra. Mónica Almeida se non yon pòtigèz 37 lane ki...

Santé

Nan yon atik jounal “The Telegraph” soti, fè konnen ou ka pran kowonaviris lè yon moun pete. Jounal britanik lan “The Telegraph” nan yon...

Santé

Kowonaviris la kontinye ap taye banda pa bò isit. Chif MSPP yo kontinye ap ogmante nan chak bilan otorite sanitè yo mete deyò. Nan...

Santé

Laprezidans nan peyi vwazen anonse yè dimanch lan yon dam 121 lane ki fèt 13 mas 1900 pran vaksen kont kowonaviris nan pwovens Puerto...