Connect with us

Hi, what are you looking for?

Monde

Yon jenn gason 25 lane kondane pou pase 3 mwa nan prizon poutèt li t ap bat laponyèt nan yon avyon

Yon jenn gason 25 lane kondane pou pase 3 mwa nan prizon poutèt li t ap bat laponyèt nan yon avyon

Yon jenn gason 25 lane kondane pou pase 3 mwa nan prizon poutèt li t ap bat laponyèt nan yon avyon

Istwa etranj sa pase an “Irlande”, yon peyi ki sou kontinan Ewòp la. Lajistis kondane yon jenn gason mèkredi 23 fevriye a pou l pase 3 mwa nan prizon poutèt li t ap bat laponyèt (se masturber, nan lang fransè) pandan li nan te nan yon avyon. 

Apre li fin desann yon avyon konpayi Ryanair ki te soti Manchestè pou ale Dublin, Iapolis te arete Ioan Remi Makula pou “exhibitionnisme” jou ki te 4 fevriye 2022 a. Pandan vwayaj la, pasaje yo te remake mesye Mulka t ap bay tèt li plezi, dapre enfòmasyon jounal Irish Mirror ak Daily Star rapòte. 

Nan tribinal, avoka mesye akize a di kliyan li an te viktim yon “flash”, pou eseye esplike sak pase a. “Te gen yon fanm ki chita bò kote l e nan yon vizyon li wè pasaje a te vle wè sèks li.” Nan lide pou fè dam nan plezi, Ioan Remi Makula te kowopere e li ouvri bragèt pantalon li, dapre avoka. 

Men vèsyon avoka a pat konvenk Jij ki t ap mennen odyans lan. Jij Mary Larkin kalifye konpòtman jenn gason an kòm yon eskandal ki “choke fanm ki te chita bò kote mesye Mulka ak tout pasaje yo epi ki entolerab”. E li pwononse yon santans 3 mwa prizon pou Ioan Remi Makula, toujou dapre enfòmasyon jounal yo rapòte.

Yon jenn gason 25 lane kondane pou pase 3 mwa nan prizon poutèt li t ap bat laponyèt nan yon avyon

Dekouvri plis:

Le pasteur Lochard Rémy a été libéré

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

République Dominicaine: un enseignant a écopé de trois mois de prison pour avoir masturbé devant des élèves à Constanza. Le professeur Juan Carlos Delgado...

Société

7 mai: journée internationale de la masturbation, un plaisir solitaire. La journée internationale de la masturbation est célébrée chaque 7 mai. Cet événement est...

Monde

Suisse: une masturbation envoie un jeune homme de 20 ans aux soins intensifs, un fait inhabituel selon les médecins. Des informations du journal britannique...

Société

Ki efè mastibasyon ka genyen lakay gason ki gen abitid fè l souvan? Koze mastisbasyon sa nou rele souvan nan langaj kreyòl la “la...