Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Jeremi: Chofè taksi moto yo pran lari akoz gaz la ki pa gen yon pri fiks

Jeremi: Chofè taksi moto yo pran lari akoz gaz la ki pa gen yon pri fiks

Chofè moto nan vil Jeremi pran lari poutèt gaz la ki pa gen yon pri fiks.

Anpil chofè taksi moto pran lari jodi jedi 5 out la nan vil Jeremi pou di yo pa kapab ankò ak kesyon gaz la ki pa gen pri fiks.

Redaksyon Juno7 la te rantre an kontak ak jounalis Ralph Simon ki se PDG Radyo Extension ak jounal J-Com nan Jeremi, ki ta pral konfime enfòmasyon an pou nou epi ba n detay.

Selon konfrè jounalis la, chofè moto yo te pwofite denonse otorite yo ki pa fè anyen pou jwenn yon solisyon ak pwoblèm gaz sa.

Pwotestatè yo lonje dwèt tou sou biwo komès vil Jeremi an ki pa fè anyen pou kanpe koze gaz y ap fè mache nwa ak li a kote nan ponp li yon pri epi atè a li tèt nèg.

Pandan mouvman pwotestasyon sa, chofè moto yo ki t ap kondi taksi moto yo bloke plizyè ri nan vil Jeremi ki te paralize sikilasyon an.

Kesyon gaz la pa senpman nan Jeremi. Nan kapital la, repòtè Juno7 te remake yè nan yon ponp sou Lali, yon foul moun ak galon ap tann gaz san konte chofè taksi moto ak lòt chofè machin ki te nan fil atant lan ap tann gaz.

Rate gaz sa fè pri kous yo pa janm fiks. Kòm agiman chofè yo di se paske gaz la yo pa peye l ak yon pri fiks.

Direktè Jeneral BMPAD Fils Aimé Ignace Saint Fleur anonse gen 190 mil baril gazolin kap debake jodi 5 Dawout la

N ap siyale tou nan kontak redaksyon Juno7 te fè ak DG BMPAD la ki se Fils Aimé Ignace Saint Fleur, responsab la konfime gen 190 mil baril gazolin k ap rantre aswè a sou mache a.

Li te kontinye pou di sademi 7 dawout 2021 ap gen yon lot bato kap pote 198 400 baril dyezèl pou satisfè mache lokal la.

Jeremi: Chofè taksi moto yo pran lari akoz gaz la ki pa gen yon pri fiks

Dekouvri plis:

ONA demande à ceux qui ont des dettes de venir discuter des modalités de recouvrement

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu