Connect with us

Hi, what are you looking for?

Nécrologie

Jounalis fotograf Wesly Gedeon mouri aprè yon aksidan moto

Jounalis fotograf Wesly Gedeon mouri aprè yon aksidan moto

Jounalis fotograf Wesly Gedeon mouri aprè yon aksidan moto.

Jounalis fotograf Wesly Gedeon anpil moun konnen nan sektè a kòm jèn ki toujou sou beton an nan fè imaj, mouri depi vandredi, selon sa jounalis repòtè Guerking Souffrant konfime ak redaksyon Juno7.

Papa a konfrè jounalis la te pale ak konfrè Guerking Souffrant pou l di depi vandredi pitit gason l soti li pa rantre, se rezon li te oblije soti pou ale gade kote Wesly Gedeon ye.

Se dimanch maten an, li dekouvri moto pitit gason l nan soukomisarya Kafou Ayewopò, chèf pòs la ta pral konfime l pitit li mouri , li fè aksidan depi vandredi sou ti mòn Nazon an, nan devire pou ale bò Car Wash la.

Selon sa chèf pòs polis la di papa a se sou lechan li mouri aprè aksidan an, li pa t getan rive lopital. Yo mande papa a jwenn ak jij depè ki te fè konsta pou ba l rès detay yo.

Lanmò sa vin blayi tristès nan mitan sektè a sitou moun ki te konn abitye kwaze ak Wesly Gedeon sou teren an nan gwo mobilizasyon ak evènman enpòtan yo. Plizyè konfrè kalifye l kòm yon moun ki te saj, poze.

Tout redaksyon Juno7 la prezante senpati ak fanmi, zanmi, pwòch defen an nouvèl sa atriste.

Jounalis fotograf Wesly Gedeon mouri aprè yon aksidan moto

Dekouvri plis:

République Dominicaine, Panama et Costa-Rica montrent la voie de sortie de crise à Haïti

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Aktyalite AN KREYÒL

Rezilta 1e edisyon konkou nasyonal fotojounalis la bay jodi lendi 3 me 2021 an, dat ki make jounen mondyal libète pou laprès. Se nan...

Aktyalite AN KREYÒL

Sou demann plizyè kouch anndan sosyete a ki te mande ak sitwayen yo bat tenèb pou di non ak koze kidnapin anndan peyi a,...

Actualités

Anpil jounalis te òganize yon mach jodi jedi 28 janvye 2021 an, nan lari pòtoprens, pou di non ak zak abi lapolis ap fè...

Actualités

Metye jounalis ap pran anpil galon dènye ane sa yo anndan sosyete a, sitou ak prezans rezososyo. Pandan metye a ap pran chè, sa...