Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Jovenel Moïse fè plizyè vizit wikenn sa epi pwofite inogire yon sistèm ponp solè

Jovenel Moïse fè plizyè vizit wikenn sa epi pwofite inogire yon sistèm ponp solè

Prezidan repiblik la, Jovenel Moïse, enfòme popilasyon an sou kont twitè l ke l fè plizyè vizit nan vil pwovens yo epi obsève kijan eta avansman kèk travay ye. Li te tou pwofite fè kèk inogirasyon.

Jovenel Moïse fè plizyè vizit wikenn sa epi pwofite inogire yon sistèm ponp solè

Samdi 12 desanm lan, prezidan an fè konnen li te nan vil Sen Mak, li te vizite nouvo enstalasyon santral elekrik anndan vil sa. Nan menm samdi sa, chèf leta a te tou pwofite inogire yon sistèm ponpaj solè pou agrikiltè ki twouve yo Ti Dolan, ki son lokalite ki twouve l nan premye seksyon Pon Tamaren, Plèn Gonayiv.

Jovenel Moïse ke opozisyon an mande bay talon l 7 fevriye k ap vini la, te pwofite ale kan kòk – Vodrèy pou wè kijan eta avansman twonson wout Kan kòk rive Vodrèy la ye pandan l fè konnen abitan zòn sa di wout sa reprezante yon bon bagay pou devlopman depatman Nò a.

Chèf leta a te pase Karakòl, depatman Nòdès kote l inogire yon lòt sistèm ponp solè pou agrikiltè zòn sa. Yon pwojè ki jwenn sipò gouvènman Taywann lan, kote nan menm koze koperasyon ant 2 peyi yo, prezidan an inogire 3 ponp solè nan Karakòl, Fayeton ak Ferye ki vin ajoute sou 13 lòt ponp solè ki te deja enstale pa ministè anviwonman.

Dekouvri plis :

Endividi anvayi Night Club òkès Tropicana epi vòlè enstriman djaz la

Plus de contenu

Éphéméride

“Un peuple sans mémoire est un peuple sans avenir”, disait Aimé Césaire. Voici l’éphéméride du 23 juillet 2023. 23 juillet 2021 : célébration au...

Actualités

Le vendredi 7 juillet 2023 déclaré journée de deuil national à l’occasion du 2e anniversaire de l’assassinat de Jovenel Moïse Le Secrétariat Général de...

Éphéméride

« Un peuple sans mémoire est un peuple sans avenir », disait Aimé Césaire. Voici les éphémérides pour ce 30 octobre 2022. 30 octobre...

Éphéméride

« Un peuple sans mémoire est un peuple sans avenir », disait Aimé Césaire. Voici les éphémérides pour ce 25 octobre 2022. 25 octobre...